U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Kesyon Moun Poze Souvan

Anpil reyinyon ak jijman konsey-la ouvri pou tout moun vin-n asiste.

POU ENFÓMASYON, ASISTANS, OU POU'W FE YON KONPLENT

An peson, w kapab ekri yon lèt, oubyen rele nan telefòn:

Police Review & Advisory Board
51 Inman St., 2nd floor
Cambridge, MA 02139
Tel. (617) 349-6155
Fax (617) 349-6148

Lè ofis la ouvri se: 8:30 AM - 8:00 PM nan lendi, 8:30 AM - 5:00 PM de madi a jedi, ak 8:30 AM - 12:00 PM (midi) nan vandredi. Silvouplè rele pou mete yon randevou.

Tips and FAQs

KI SA KI CAMBRIDGE POLICE REVIEW AK ADVISORY BOARD LA?

Police Review ak Advisory Board la (PRAB) se yon Konsey ki te kreye pa lódonans Siti-a poul te ka bay ayonbontan, jis, tout envéstigasyon o swa konplent ki pa gen pa ti pri ke endividyel te fé kont ofisye la polis. Ofysie la Polis yo genyen dwa tou pou yo fé konplent ak Konsey la kont Depatman la Polis Cambridge la. Konsey la aji kóm reprezantan kominote-a nan revi lwa, regleman, obligasyon depatman Polis la.

POU KI REZON KE PRAB TE KREYE?

Polis Review Advisory Board la te kreye poul amelyore konfidans kominiote-a nan gouvenman la vil, e poul te ka ranfóse relasyon ant la Polis ak tout kominote-a.

KILES KI MANB PRAB?

Panel PRAB -la genyen senk rezidan sivil ki rete nan vil Cambridge la. Panel la konsiste de senk rezidan ki reprezantan konpozisyon sa a rasyal, konpozisyon sosyal, ak konpozisyon ekonomik nan Cambridge.

SOUMÉT YON KONPLENT?

Yon endividyel kapab fé yon konplent an peson, w kapab ekri yon lèt, oubyen rele nan telefòn. Nan nenpót ki ka sa yo, moun kap fé konplent yo dwe bay yon afidavi ak tout siyati moun sa-a, ak tout enfómasyon konsenan konplent sa-a. Nenpót ki konplent dwe fét nan yon espas de 60 jou de jou ke ensidan -an rive-a. Nenpt konplent dwe énan espas 60 de ke -an.

KI JAN KE PRAB-LA TRAVAY?

Pwosés la kómanse pa yon konplent a travé konsey-la. Chak ka ke konsey la resevwa, envéstige pa yon amplwaye konsey-la. Byen ke amplwaye-a responsab pou li envéstige ka-a, li pa gen dwa bay o'kenn desizyon o sijé de ka sila. Konsey la sel gen dwa pou li deside rezilta yon ka. Osito ke yon konplent fin fét, e ke envestigasyon prelimine-a fin fét, Konsey la dwe ódone yon envéstigasyon konple ou byen li rejte ka sila.. Apré yon envéstigasyon konple fin fét , Konsey la ka deside pou li renvwaye konplent sa-a, pran pozisyon milie, ou ódone yon jijman, Konsey-la va bay yon desizyon final. Si toutfwa Konsey la jwen' yon kontravensyon, li va fé yon rekómandasyon ak Manadje siti-a o sijé de ki aksyon ki dwe pran.

ESKE MWEN BEZWEN YON AVOKA?

No

KILES KI PRA'L ENVESTIGE KA W- A?

Polis Review ak Advisory Board la amplawye pwóp ekip envéstigasyon-pa li. Anplwaye PRAB yo endepandan de tout lót ajans siti-a, e yo pa kapab anplwaye pa siti-a pou omwen twa zan anvan enployman yo ak Konsey -la.

Kom pót pawol Kominote-a, Police Review ak Advisory Board la revize lwa, aplikasyon, régleman, efé rekómandasyon a Chef Polis la, ak tout Asanble Siti-a. Pou ke Siti Cambridge resevwa meyé sévis Polis ke'l dwe resevrwa, Konsey la va fé tout posib li pou li jwen' repons ak tout keksyon ke wou ta ka mande.

SI LA POLIS TA RETE'W

Majorite pwoblém ke ou jwen' a Polis kapab epanye. Sonje, ke yo panse ke yo gen dwa rete'w pou yo mande'w keksyon baze sou koz pwobab. Si toufwa yo rete'w , ou dwe ranmase panse'w e rete kalm. Kelkaswa yo arete ou pa ka depan' de kalm ak preparasyon'w nan moman sila.

GENYEN ANPIL FAKTE KE POLIS LA KA PWRAN AN KONSIDERASYON LE LI AP OBZEVE'W?

Si wap kouri e ke yo fek repóte yon krim yon zón ke o ye-a
Si wap "flannen" ak moun ki aktyelman sou envééstigasyon la Polis
Si toufwa on nan yon zón ke yo fek fin repóte ke yon krim fek fét e ke ou kapab temwen ou patisipe nan krim sila
Si ou nan yon zón ki dapre Polis abandone ou ki pa okipe, ou prezan nan yon pwopriyete piblik ou pwopriyete komésyal en deyo de nómalite
Si wap aji nan yon manye ki parét sispek
Si la Polis panse ke ou gen bagay ou vóle nan men'w
Si yo rete'w pandan ke wap mache, ou ke wap kondwi machin'w, ou refize repón' keksyon, ou bay move enfómasyon ki vag ou byen ki kontredi
Si ou genyen resanblans yon moun ki konsidere kóm sispek nan lót ka ke la Polis ap cheche
Si ou itilize move mo vilgé, ou kapab di yon move bagay a yon move moman ki ka atire atansyon la Polis ki gen dwen met lód nan dezód

Tandiske bagay sa yo rantre an konsiderasyon le yap poze'w keksyon., La Polis DWE TOUJOU RESPEKTE DWA"W POU OU REFIZE REPON" YON KEKSYON KI SANBLE YON AKIZASYON.

Konsiderasyon sa yo baze sou lwa ke Nasional Asosyasyon Polis Nwa etabli (National Black Police Association).

KI JAN DE KONPLENT KE PRAB ENVESTIGE?

Ekse isaj de fos
Izaj de langaj ki derogatwa, ki pa emab
Le yo rete'w pou gran mesi, arestasyon ki ilegal, chech ak sezisman
Envestigasyon ki pa nesese, ou polis repòt ki pa bon
Diskriminasyon ki baze sou ras, koule, orijin, zansé t, seks, relijion, laj,oriantasyon seksyel, ou orijin nasyonal ou nenpòt ki lòt krite ki lwa ki defini pa gouvè nman state ou federal
Arasman
Reglemantasyon polis ki ilegal
Kontravansyon trafik machin ou si polis remòke machin'w
Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc.