Nan mwa Me 2023, yo te pibliye yon mizajou pou Five-Year Plan Vil la pou Rekonstriksyon Twotwa ak Lari yo. Plan konplè sa a gen objektif ede nan konsepsyon lari ki akeyi san danje tout itilizatè yo, pyeton, siklis, chofè veyikil motè, ak itilizatè transpò piblik ki gen tout laj ak tout kapasite. Plan an devlope anba direksyon plizyè priyorite:
- Kondisyon lari ak twotwa yo
- Lokal - yo priyorize zòn ki toupre pak yo, gwo plas yo, bibliyotèk, sant jèn, lojman pou granmoun aje, ak sant pou granmoun aje ansanm ak sa ki toupre wout bis yo oswa ki konn gen anpil trafik yo
- Zòn Gwo Priyorite yo jan Bicycle Vision Network (Rezo Vizyon Bisiklèt) la define sa
- Lokal transpò piblik yo
- Finansman disponib alafwa nan men vil la ak nan men Eta a
Five-Year Plan lan, ki revize chak ane, pèmèt konpayi sèvis piblik k ap kowòdone yo planifye travay yo a anvan rekonstriksyon lari ak twotwa, sa ki vrèman diminye nesesite pou ap kontinye re-ouvè yon lari oswa twotwa.
Nan ane fiskal 2025 la, $17 milyon pral depanse nan Pwogram Complete Streets la kote $13 milyon dola ap soti nan bidjè Vil la ak $4 nan Eta a.Nan $13 milyon ki soti nan Vil la, $5 milyon pral disponib pou konstwi plis liy bisiklèt separe. Sa a ajoute ak lòt envestisman kapital ki te konsakre nan amelyorasyon pwojè nan Central Square, Inman Square, The Port, ak River Street.