Nou ap viv nan yon peyizaj iben ki konekte epi fason nou vwayaje soti nan yon kote ale nan yon lòt se fondasyon fason nou viv lavi nou. Kit n ap vwayaje pou ale travay, achte pwovizyon, vizite zanmi oswa transpòte timoun, transpò se liy ki genyen ant kote nou ye a ak kote nou bezwen ale a. E nou tout merite pou nou kapab vwayaje yon fason san danje, efikas ak ekonomik.
Nan Cambridge, gen anpil bagay pou selebre. Yo te nome nou vil ki pi fasil pou mache nan peyi a. Walk Score te rive jis nan nivo kote yo te rekonèt Cambridge kòm yon “Paradi pou Moun Mache” ak yon “Paradi pou Monte Bisiklèt” avèk pi gwo nòt pou chak kategori nan Massachusetts. Dapre dènye klasman PeopleforBikes la, Cambridge te klase #2 sou 604 vil gwosè mwayen Etazini (50K a 300K) pou monte bisiklèt, dèyè sèlman Davis, California. Nou rich nan opsyon transpò piblik ki gen ladan senk estasyon tren Red Line (Liy Wouj), yon estasyon Green Line (Liy Vèt) ki fèk renove nan Lechmere, Commuter Rail, 26 wout otobis MBTA, ak plizyè navèt aksè piblik.
Men, genyen tou anpil enkyetid. Trafik ak blokis te ogmante depi pandemi an. Kòm nou te ajoute plis mòd transpò, lari nou yo te vin pi konplèks pou sikile. Pandan ke nou te fè monte bisiklèt pi an sekirite, nou te wè twa siklis mouri nan lari nou yo pandan kat dènye mwa yo, sa kite yon gwo vid nan kominote nou an ak yon rapèl ke gen tèlman anpil travay pou fè. Epi nou kontinye tande granmoun aje nou yo ak rezidan ki andikap yo ke li pi difisil pou vwayaje nan vil la oswa pou resevwa sèvis yo.
Pwoblèm sa a mete aksan sou fason n ap chèche ekilibre defi konkiran yo nan lari nou yo. Pa gen repons senp, men mwen espere istwa sa yo montre kijan n ap kontinye travay pou rann vwayaj yo vin pi an sekirite, pi efikas, ak pi ekonomik pou tout rezidan nou yo.