Ou ka fè reklamasyon w lan nan biwo City Clerk’s office a lè w voye yon lèt alekri oswa yon imel ki adrese bay:
Paula Crane, Acting City Clerk
City Clerk’s Office
795 Mass.
Ave, 1ye Etaj
Cambridge, MA 02139
cityclerk@cambridgema.gov
Reklamasyon an dwe gen ladan:
- Non, adrès, ak nimewo telefòn moun ki fè reklamasyon an;
- Dat, lè, ak lokal egzak ensidan an; epi
- Yon deskripsyon ensidan an.
Reklamasyon an ka gen ladan:
- Foto;
- Reparasyon estimasyon oswa fakti yo.
Tanpri sonje ke reklamasyon domaj nan lari ak twotwa yo dwe depoze nan lespas 30 jou apre ensidan an epi avi sou lòt kalite reklamasyon jeneralman yo dwe depoze nan lespas 2 zan apre ensidan an.
Si blesi a ak/oswa domaj pwopriyete a gen rapò ak aksyon yon kontraktè k ap travay ak Vil la fè, ou ta dwe dirije reklamasyon w lan bay kontraktè a. Si w pa sèten si te gen yon kontraktè ki enplike, ou ka fè yon reklamasyon ak Vil la, men yo ka mande w pou w drije l bay yon kontraktè.
Si w gen kesyon sou estati reklamasyon w lan, ou ka kontakte Law Departman la nan 617-349-4121, men ou ta dwe pèmèt omwen 6 a 8 semèn anvan w enfòme sou demann ou an. Tanpri konprann ke Law Department an bezwen ase tan pou fini ankèt li a epi l ap reponn ou alekri lè ankèt la fini.
Sa a pa fèt pou yon konsèy legal, ni se pa yon admisyon responsablite bò kote Vil la. Nan bay enfòmasyon sa yo, Vil la pa renonse oswa abandone okenn defans oswa dwa ki disponib pou li, ni enfòmasyon sa a pa dwe entèprete pou renonse a nenpòt defans reyèl oswa legal ki egziste kounye a, oswa ki ka vin disponib pou Vil la alavni. Tanpri kontakte yon avoka si w gen nenpòt kesyon legal.
Ki Jan yo Kòmanse
Reklamasyon an dwe gen ladan:
- Non, adrès, ak nimewo telefòn moun ki fè reklamasyon an;
- Dat, lè, ak lokal egzak ensidan an; epi
- Yon deskripsyon ensidan an