U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Discrimination Intake Form

Tradwi Paj sa a

Fòm sa a se pou fè rapò sèlman epi li pa endike Komisyon Dwa de Lòm Cambridge la (Cambridge Human Rights Commission) te aksepte rapò sa a kòm yon plent. Estaf Komisyon an pral kontakte w pou kontinye travay sou rapò ou soumèt la. Tanpri konnen byen ke Komisyon Dwa de Lòm Cambridge lan la pou li trete plent pou diskriminasyon ki te rive nan Vil Cambridge sèlman , epi yo kapab ankete zak diskriminasyon ki rive sèlman 180 jou oplita de dat siyati plent la. Si w ou pa ta vle itilize fòm sa a, Estaf Komisyon an pral planifye yon randevou avèk ou nan telefòn oswa fas-a-fas, pou li ka pran enfòmasyon yo nan men w.

Enfòmasyon ou yo

Enfòmasyon sou Plent La

Tanpri tcheke tout kaz ki anba la yo, si ou panse bagay sa yo te jwe yon wòl nan plent la:

Tip Diskriminasyon Yo

Si w santi ou te viktim diskriminasyon pandan ou t ap chèche yon lojman, pandan ou abite nan lojman kote ou ye kounye an oswa nan nenpòt tranzaksyon ki gen pou wè ak lojman, tankou fè yon demann pou yon ipotèk nan Cambridge. Gen lòt sitiyasyon toujou ki gendwa reprezante diskriminasyon nan lojman, epi yo pral evalye kapasite Komisyon an pou ankete sou zafè a aprè yon diskisyon avèk estaf Komisyon an. Si w bezwen plis esplikasyon, al gade "Kisa Òdonans sou Lojman Ekitab nan Cambridge konsènan Diskriminasyon nan Lojman" ("What is covered by the Cambridge Fair Housing Ordinance about Housing Discrimination?") ki nan seksyon Konsèy ak Kesyon yo Poze Souvan (FAQs) ki nan Sit entènèt Komisyon Dwa de Lòm lan.

Refi Lojman

Si ou kwè ou te viktim diskriminasyon nan men yon biznis oubyen yon kote piblik ki akeyi tout moun nan Cambridge. Si ou bezwen plis esplikasyon, al gade nan "Kisa diskriminasyon nan yon lye piblik ye?" ("What is public accommodation discrimination?") ki nan seksyon Konsèy ak Kesyon yo Poze Souvan (FAQs) ki nan Sit entènèt Komisyon Dwa de Lòm lan.

Si ou kwè ou te viktim diskriminasyon nan travay ou, nan men yon òganizasyon travay oubyen yon ajans ki ede moun jwenn travay nan Cambridge. Si w bezwen plis esplikasyon, al gade nan "Kisa diskriminasyon sou amplwaman ye" ("What is employment discrimination?") ki nan seksyon Konsèy ak Kesyon yo Poze Souvan (FAQs) ki nan Sit entènèt Komisyon Dwa de Lòm lan.

Si ou kwè ou te viktim diskriminasyon nan men yon etablisman edikasyon nan Cambridge. Gen sèten restriksyon ki aplikab, w ap kapab diskite ak plis detay avèk estaf Komisyon an.

Enfòmasyon Demografik

Lè ou rampli enfòmasyon yo, sa pèmèt nou travay pibyen nan efo ke nap fe pou nou swiv tras aktivite nou pou goumen kont diskriminasyon.

Ki ras / etnisite w?
(Tcheke tout bon repons yo):
*

Ki idantite seksyèl ou?
(Tcheke tout bon repons yo)
*

Enfòmasyon Kontak

Jennifer Mathews, Direktè Egzekitif
51 Inman St. 2nd Floor
Cambridge, MA 02139
Telefòn: 617-349-4396

Orè Biwo yo

Lendi: 8:30 a.m. - 8:00 p.m.
Madi pou jedi: 8:30 a.m. - 5:00 p.m.
Vandredi: 8:30 a.m. - 12:00 p.m.
Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc.