U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Vwa Ou, Cambridge Ou.

Yo fanmi ou an pou aplike! 

Nou bezwen ou ede deside avni teknoloji sekirite piblik nan Cambridge. 

Ou se youn nan 15,000 fanmi yo te espesyalman chwazi pou resevwa envitasyon sa a. 
 

Cambridge Bezwen Vwa Ou! 


Yo te espesyalman chwazi fanmi ou a pou aplike nan premye Asanble Sivik Cambridge sou fason Vil la itilize teknoloji sekirite piblik ak siveyans yo. 
 

Se 15,000 kay nan Cambridge sèlman k ap resevwa envitasyon sa a. 
 

Vil la ap reyini 40 rezidan yo chwazi yon fason owaza pou aprann sou, diskite, epi fè rekòmandasyon bay Cambridge City Council (Konsèy Minisipal Cambridge) sou teknoloji sekirite piblik ak siveyans, ki gen ladan sistèm deteksyon kout zam ak kamera videyo nan pak piblik yo. 
 

Sa a se pa yon sondaj. Se yon opòtinite pou ede dirije desizyon Vil la. Ou pa bezwen yon ekspè. Eksperyans ou ak pèspektiv ou antanke yon rezidan Cambridge se sa ki enpòtan. 
 

Ou Ka Youn Nan 40 Rezidan Yo Chwazi Yo. Patisipan yo ap resevwa $1,000* 
 

Pou aprann plis, vizite:  

www.cambridgema.gov/civicassembly  

Aplike anvan dat limit la:  

27 Septanm 2026  

Eskane kòd QR la ak kamera telefòn ou pou aplike. 
 

Kijan pou patisipe? 

Kisa Asanble Sivik la pral fè? 

Pandan kat Samdi, manm Asanble a pral: 

  • Aprann sou teknoloji sekirite piblik ak siveyans 
  • Tande ekspè ak moun ki gen diferan pèspektiv 
  • Diskite sou pwoblèm yo avèk rezidan ki soti toupatou nan Cambridge 
  • Devlope rekòmandasyon pou Cambridge City Council 
     

Kimoun ki ka aplike?

Nenpòt moun ki gen laj 16 ane oswa plis nan kay ou ka aplike. Parmi tout moun ki aplike, y ap chwazi 40 rezidan atravè yon tiraj owaza ki fèt pou kreye yon Asanble ki reflete popilasyon Cambridge la lajman.  

Kat Samdi 

  • 24 Oktòb 
  • 7 Novanm 
  • 21 Novanm 
  • 5 Desanm 2026 

Patisipan yo dwe disponib pou tout kat sesyon yo.  

Nou pral ede rann patisipasyon posib 

Chak manm Asanble a ap resevwa yon lajan pou depans $1,000. 

*Sipò pou gadri, swen pou granmoun aje, transpò, entèpretasyon, ak aranjman pou aksesibilite ap disponib.  

Envitasyon ou an. Vwa ou

Aplike anvan dat limit la: 9/27/2026 

🌐 www.cambridgema.gov/civiclottery 

📞 617-349-5580 

Itilize kòd envitasyon inik ou a: 

Aprann plis nan:
 

www.cambridgema.gov/civicassembly 

Pou aprann plis sou Asanble Sivik la nan Cambridge, li envitasyon ou an, an Kreyòl Ayisyen, Espanyòl, Pòtigè sou entènèt.

Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here