U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Fidisi Lojman Abòdab Ogmante epi Pwoteje Opòtinite Lojman Abòdab

Thursday, April 18, 2024

Alòske se Konsèy Vil la ki te kreye li, Fidisi Lojman Abòdab Cambridge te etable an 1989 avèk misyon pou li ogmante ak pwoteje opòtinite lojman abòdab nan Cambridge. Soti nan peryòd fen kontwòl lwaye nan mwatye ane 1990 yo pase nan eksplozyon imobilye nan kòmansman ane 2000 yo kriz lojman abòdab la poze pwoblèm pou vin nou an ak renyon pi gwo Boston an, Fidisi a te travay pou kreye pwogram lojman ak règlemantasyon, finanse acha bilding rezidansyèl ak sit devlopman pou devlopman lojman abòdab, epi bay finansman k ap prezève ak kreye lojman abòdab pou fanmi ki genyen salè fèb ak modere nan Cambridge.

Fidisi a genyen ladann yon komite nèf manm ki genyen ladann ekspè nan règlemantasyon lojman, finans, devlopman, konsepsyon, ak pledwaye. Fidisi a ap sèvi alafwa antanke komite konsiltasyon ak yon komite prè, li reyini yon fwa pa mwa pandan ane a pou revize pwopozisyon pou prezèvasyon nouvo lojman ak efò devlopman ak lòt pwogram lojman, epi pou diskite sou règlemantasyon lojman abòdab. Fidisi a genyen yon gwo angajman pou kreye lojman bon jan kalite ki byen entegre nan pi gwo kominote a epi ki pral rete abòdab pou jenerasyon ki pral vini yo. Kèlke nan kritè Fidisi a itilize pou revize pwopozisyon pou nouvo pwogram, règlemantasyon, ak devlopman lojman genyen ladann:

  • Kreyasyon ak prezèvasyon akesiblite sou lontèm.
  • Mete aksan sou kreyasyon lojman familyal (inite ak youn oswa plis chanm a kouche)
  • Maksimize fon Fidisi a gras ak lòt sous finansman piblik ak prive
  • Konsepsyon dirab gwo kalite nan avantaj rezidan lojman yo ak katye ansanm ak kominote ki nan anviwon yo
  • Sèvi ak materyèl ekonomi enèji ak teknik konstwiksyon ki favorab pou anviwònman an

Finansman ki soti nan Fidisi Lojman Abòdab la te asiste plis pase 4,000 inite lojman nan Vil la. Gras ak finansman devlopman lojman abòdab li a ak pwogram akizisyon li an, pwogram prezèvasyon lojman abòdab la, ak pwogram asistans moun k ap achte kay premye fwa yo, Fidisi a te ede plizyè mil fanmi ak endividi jwenn kapasite pou rete nan kominote Cambridge la.

Apèsi sou devlopman lojman abòdab aktyèl k ap devlope gras ak finansman Fidisi Lojman Abòdab Cambridge la:

  • $3.7 milyon pou krye 24 nouvo inite lokasyon nan North Cambridge ak itilizasyon melanje, devlopman ki oryante trafik; konstwiksyon an ta dwe fini nan kòmansman 2024. Pwojè a genyen ladann tou espas pou fòmasyon travay ak pwogram devlopman mendèv ak nouvo sal klas pou ogmante pwogram edikasyon anfans prekòs nan Vil la.
  • $4.2 milyon angaje nan renove yon koperatif kapital 12 inite pou sipòte aksesiblite sa ki te yon resous abòdab nan Cambridgeport pandan plis pase 35 lane kote modènizasyon an ta dwe fini nan kòmansman 2024 la.
  • $10.2 milyon ki angaje pou kreye 62 nouvo inite abòdab pou loje moun k ap deplase kite sitiyasyon sanzabri kote konstwiksyon yo ap fèt la.
  • $3.3 milyon ki angaje pou kreye 12 inite lokasyon abòdab pou moun ki te nan sitiyasyon sanzabri nan yon ansyen kay nan North kote konstwiksyon an ap avanse a.
  • $18 milyon ki angaje pou kreye 106 nouvo inite abòdab ki tou pre Danehy Park nan Katye 10i kote konstwiksyon an ap fèt la.
  • $43.6 milyon ki angaje pou ranplase 175 inite lojman piblik ak 275 nouvo inite lokasyon nan North Cambridge kote preparasyon sit la ap avanse kounye a.
  • $10.8 milyon ki angaje pou transfòme yon ansyen pwopriyete legliz an 46 inite lokasyon nan East Cambridge.
  • $10.4 milyon ki angaje pou fè yon akizisyon andeyò Harvard Square pou kreye nouvo lojman abòdab nan katye Baldwin, kote pa genyen anpil opòtinite lojman abòdab kounye a epi kote y ap rasanble finansman kounye a pou konstwi 29 inite abòdab.
  • $6.4 milyon k ap sèvi pou fè akizisyon yon dezyèm pwopriyete andeyò Harvard Square nan katye Baldwin an 2023 kote yo pral pwopoze nouvo lojman abòdab an 2024.
  • $2 milyon k ap sèvi pou fè akizisyon yon pwopriyete nan Cambridgeport an 2023 kote yo pral pwopoze nouvo lojman abòdab an 2024.
  • Angajman tè Vil la nan The Port; yo te chwazi yon founisè lojman abòdab pou devlope nouvo inite kondominyòm sou yon gwo moso tè vid.
  • Genyen efò anplis k ap fèt pou revize demann founisè lojman abòdab yo epi kontinye travay ak devlopè lojman abòdab pou idantifye nouvo opòtinite pou finanse kreyasyon inite abòdab gras ak akizisyon nouvo sit.
Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here