U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Apèsi Pwogram Lokasyon ak Pwopriyete yo Ofri Nan Vil la

Thursday, April 18, 2024

Pwogram Lokasyon Lojman Enklizif ap Rann Cambridge Pi Aksesib

Depi adopsyon li an 1998, dispozisyon Lojman Enklizif Òdonans Zonaj te ofri nouvo lojman abòdab pou fwaye salè fèb, modere ak mwayen nan Cambridge. Pwogram sa a se yon eleman kle nan efò Vil la ap kontinye fè pou bay rezidan yo aksè ak kay abòdab. Dispozisyon Lojman Enklizif la angaje sektè prive a pou asiste nan kreyasyon nouvo kay abòdab. Ri jodi a, 1497 inite lojman enklizif te fini oswa an konstwiksyon. sa genyen ladann ni inite lokasyon ak inite prive. Se Divizyon Lojman CDD ki administre inite ki gen pwopriyetè yo ansanm ak kay abòdab vil la finansye yo. Yo ofri aksè ak inite lokasyon abòdab nan kad Pwogram Lokasyon Lojman Enklizif Divizyon Lojman an tou.

Yon rezidan te di "viv nan lojman enklizif te pèmèt mwen viv nan vil ke mwen te grandi a." "Sa ki te pèmèt mwen leve pitit mwen yo nan yon kote ki chè anpil pou mwen. Si se pa t pwogram sa a mwen pa t ap janm genyen mwayen pou m rete nan vil la."

An 2023, plis pase 200 fwaye te antre nan nouvo inite gras ak pwogram nan, k ap ofri aksè kounye a ak plis pase 1,100 apatman abòdab nan vil la. Plis pase mwatye nouvo fwaye te antre nan apatman abòdab nan pwopriyete ak tarif mache a. Prèske yon ka nan lokatè sa yo te gen yon bezwen ijan avan yo demenaje, tankou twouve yo nan sitiyasyon sanzabri, peye plis pase 50% salè brit yo pou lwaye, oswa fè fas ak yon degèpisman san fot. Al viv nan yon lojman enklizif te ede yo rete nan yon lojman estab nan vil la.

Yo idantifye kandida ki kalifye yo nan Baz Kandida Lokasyon yo. Depatman Devlopman Kominotè a ap jere baz sa a, detèmine kalifikasyon, epi refere kandida ki kalifye yo bay pwopriyetè kay oswa manadjè ki genyen inite diferan. Pou antre nan baz la, kandida yo dwe ranpli yon aplikasyon preliminè. Yo bay rezidan Cambridge yo priyorite, fwaye ki genyen timoun, ak fwaye ki genyen yon bezwen lojman an ijans.

Rezidan ki genyen yon sitiyasyon ekonomik difisil kapab benefisye Pwogram Lokasyon Lojman Enklizif la. Inite abòdab ke yo bay nan kad pwogram sa a pèmèt rezidan yo jwenn yon kay estab ansanm ak posibilite pou pwofite anpil opòtinite ki disponib nan vil la, alòske sa ap asire divèsite ekonomik kominote Cambridge la bati nan nouvo bilding rezidansyèl. 

HomeBridge Fasilite Fado Finansye pou Moun K ap Achte Kay Premye Fwa

Vil la rete angaje nan ogmantasyon opòtinite lojman abòdab nan kad pwogram tankou HomeBridge, ki ofri finansman pou moun k ap achte kay pou premye fwa nan Cambridge. Gras ak sipò sa a, patisipan yo chache kay sou mache a epi fè yon òf ak yon asistans pou finansman pre-apwouve nan Vil la.

Dapre yon rezidan, "Mwen rekonesan anpil pou opòtinite pwogram HomeBridge la te ban mwen. Mwen te rive kapab achte yon kay nan kominote ak katye ke mwen renmen, sinon mwen pa t ap genyen ase lajan pou m fè sa...Mwen satisfè anpil pou konnen ke kay mwen te achte nan kad pwogram sa a pral rete abòdab pou lòt fanmi ak endividi nan avni an."

Nan kad pwogram HomeBridge la, achtè kalifye antre nan yon restriksyon lojman abòdab an echanj asistans finansye ak yon pòsyon pri kay la. Alòske li te lanse an 2017, HomeBridge se dènye nan seri pwogram Vil la ki te ofri asistans finansman dirèk pou moun k ap achte kay. Ane pase, Fidisi Lojman Abòdab la te apwouve chanjman nan pwogram nan k ap ogmante pousantaj pri ke yo kapab peye ak fon HomeBridge. Yo te fè chanjman sa a pou kapab elaje yon latriye kay disponib pou achtè akoz difikilte ki genyen nan mache aktyèl la, sa ki genyen ladann pri elve, ogmantasyon to enterè ak envantè mache a ki pi ba. Kounye a HomeBridge ofri jiska 65% pri acha yon inite twa chanm a kouche, 60% sou yon inite de chanm a kouche, ak 50% pou yon inite yon chanm a kouche. Kandida kalifye yo dwe ap rantre 60% ak plis pase 120% Zòn Salè Medyan an, ki ajiste parapò ak gwosè fwaye a.

Inisyativ Lojman abòdab Vil la gen pou objektif rann viv nan Cambridge pi aksesib pou nouvo ak rezidan k ap viv la depi lontan. HomeBridge se yon eleman kle nan misyon sa a – puiske l ap soulaje baryè finansye pou moun k ap achte kay premye fwa yon fason pou plis moun kapab konekte ak kominote nou an.

Yon rezidan te di "Cambridge se yon vil ki gen anpil kè sansib pou rezidan li yo." "Mwen fyè dèske m ap viv yon kote, kote gouvènman lokal ap fè gwo efò pou amelyore vil la epi rann lavi pi fasil pou rezidan li yo. Cambridge dinamik anpil epi li rich sou plan kiltirèl."

Baz Revant Pwopriyete Kay

Lè yo revann yon inite bay Vil la, yo chwazi yon nouvo achtè nan Baz Revant Pwopriyete Kay ke Divizyon Lojman an ap jere. Baz revant lan ouvri pou fwaye k ap rantre 50% ak 100% AMI ki ajiste parapò ak gwosè fwaye a. Jwenn aksè ak plis pase 550 kay abòdab Baz Revant Pwopriyete Kay ap jere e se Divizyon Lojman CDD k ap jere enstitisyon sa a.

Pwogram Amelyorasyon Kay

Vil la sipòte pwopriyetè kay kalifye nan Cambridge pou fè reparasyon kay nesesè nan kad Pwogram Amelyorasyon Kay (Home Improvement Program, HIP). HIP ofri yon prè ak to enterè fèb bay pwopriyetè kay pou kouvri depans reparasyon yo; anplis de sa, pwopriyetè yo resevwa asistans teknik pou yo kapab planifye travay la epi idantifye kontraktè lisansye pou fè reparasyon yo ak sipèvize pandan tout pwojè a pou asire ke li fè fèt nan estanda pi wo nivo posib. Se de òganizasyon san pwofi k ap administre pwogram nan ak yon kolaborasyon rapwoche ak Divizyon Lojman an.

An 2023 pwojè reyabilitasyon HIP la te genyen ladann:

  • Aksesiblite amelyorasyon disponib pou chanm a kouche, twalèt, ak kuizin pou fasilite vyeyisman sou plas.
  • Ranplasman tapi ak planche an bwa di nan tout kay la pou amelyore kalite lè andedan kay la epi soulaje opresyon pwopriyetè kay la.
    • Evalyasyon kondominyòm pou repare pwoblèm plonbri ki genyen nan premye etaj.
    • Prè ijans pou ranplase sistèm chofaj pwopriyetè a pandan peryòd ivè.
    • Retire plon, fè rezidans, ak fè penti eksteryè pou kay ki bezwen reparasyon.

Pwosesis Lotri Rann Nouvo Inite Pwopriyete Abòdab Disponib pou Rezidan yo

An 2023, yo te ofri nouvo moun k ap achte kay 4 nouvo kay abòdab nan North Cambridge gras ak lotri Divizyon Lotri CDD a te òganize a. Achtè yo ap viv nan kay yo kounye a. An 2024, pral genyen 3 lòt kay abòdab ki pral disponib nan Wellington-Harrington pou nouvo moun k ap achte kay pa mwayen lotri a.

Housed IN Cambridge

Housed IN Cambridge se yon kanpay k ap fèt nan tout vil la pou edike ak enfòme rezidan yo sou opòtinit lojman ansanm ak sèvis ak resous ki gen rapò ak kay. Ekip Housed IN Cambridge la te òganize kat sware prezantasyon enpwovize nan lokal Biblyotèk Piblik Cambridge la an 2023. Anplwaye yo te ofri jiska 20 minit asistans pèsonalize pou plis pase 85 moun ki t ap asiste.

  • Edikasyon Moun K ap Achte Kay Premye Fwa. Divizyon Lojman an ap ofri yon atelye 10 mwa pa ane ki sètifye CHAPA gratis pou moun k ap achte kay premye fwa, ki genyen ladann prezantasyon ke anplwaye ak pwofesyonèl imobilye fè sou pwosesis achte kay. An 2023, plis pase 375 endividi te patisipe nan atelye moun k ap achte kay premye fwa Vil la.

Pwogram tankou Lojman Enklizif, HomeBridge, ak House IN Cambridge se eleman kle nan efò Vil la kontinye ap fè pou bay rezidan yo aksè ak bay abòdab.

" Mwen rekonesan anpil pou opòtinite pwogram HomeBridge la te ban mwen. Mwen te rive achte yon kay nan kominote ak katye ke mwen renmen, sa mwen pa t ap gen ase lajan pou m reyalize. "
A house at 6 Union Street before being renovated through the Home Improvement Program.
A house at 6 Union Street after being renovated through the Home Improvement Program.
" Pwogram lokasyon Vil la te fè m santi m asire epi te pèmèt mwen fokalize sou lòt aspè enpòtan lavi m, sa ki te gendwa pa posib si mwen t ap viv nan sitiyasyon difisil, puiske mwen gen yon salè fèb. Mwen te rive kapab leve fanmi m nan yon sitiyasyon konfòtab pandan mwen kapab fokalize sou sante ak karyè m, lefèt ke nou konnen nou gen yon kote ki konfòtab ak abòdab pou nou viv. "
Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here