U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Pwofil Patnè a: Administrasyon Lojman Cambridge

Thursday, April 18, 2024

CHA te envesti nan fanmi Cambridge yo epi ofri yon sipò amelyore pou prèske 10% nan popilasyon vil la.

Cambridge Housing Authority and City staff at a ribbon-cutting ceremony for the opening of a new property.
CHA ak anplwaye Vil yo ki nan yon seremoni koupe riban nan inogirasyon yon pwopriyete.

 

Alòske li te etabli sou baz lwa eta a 9 desanm 1935, Administrasyon Lojman Cambridge (CHA) ofri lokasyon lojman sou lontèm ak asistans lokasyon pou plis pase 8,000 fanmi salè fèb, granmoun aje, ak endividi ki andikape nan Lojman Piblik li yo ak Pwogram Bon Chwa Lojman (HCV) li yo.

CHA te envesti nan fanmi Cambridge yo epi ofri yon sipò amelyore pou prèske 10% nan popilasyon vil la. Alòske li fokalize sou politik inovasyon ak opòtinite ekonomik familyal, CHA ranpli misyon li ki se devlope ak jere bon kalite lojman abòdab pou endividi ak fanmi salè fèb nan yon fason k ap ankouraje sitwayènte, kominote ak endepandan nan youn nan mache lojman ki pi chè nan peyi a.

An novanm 2020, Komite Akreditasyon Lojman Abòdab (AHAB) te bay Aministrasyon Lojman Cambridge yon Akreditasyon Nasyonal Lojman Abòdab. CHA te vin tounen setyèm founisè lojman abòdab pou resevwa akreditasyon AHAB la. Tit "Òganizasyon Lojman Abòdab Akredite" a reflete sou angajman òganizasyon an pou reponn ak gwo estandan pèfòmans endistri lojman abòdab la etabli pou ofri lojman kalite ak byen jere.

An 2023, Administrasyon Lojman Cambridge te atenn yon gwo akonplisman gras ak selebrasyon modènizasyon senk pwopriyete anplis nan pòtfolyo li. Efò sa a k ap kontinye non sèlman elve aspè estetik la, men tou ranfòse angajman ekesepsyonèl pou bay sèvis kliyan. Kounye a rezidan yo kapab rejwi yo nan lojman an sekirite, ki ekonomize enèji ki akonpaye ak yon devouman pou kenbe gwo kalite nan yon vi bon mache.

Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here