U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Travay Ap Fèt Nan Vil La Pou Lojman Abòdab

Thursday, April 18, 2024

Gen yon seri devlopman lojman abòdab tout kote nan Vil la. Highlights include:

Rindge Commons North

Just A Start (JAS) pral konstwi de nouvo bilding nan 430-432 Rindge Avenue nan North Cambridge, tou pre Alewife Brook Parkway. Pwojè an de faz sa a, ki rele Rindge Commons, pral kreye 101 apatman abòdab. Tout inite yo pral disponib pou fwaye k ap rantre 80% AM, avèk kèlke nan yon ki plis abòdab.

Premye faz la, Rindge Commons North, ap fini nan kòmansman 2024 e li pral genyen ladann 24 inite lokasyon youn ak de chanm a kouche ansanm ak plizyè etaj espas ki pa rezidansyèl kote JAS pral konsolide pwogram fòmasyon ak edikasyon li yo nan yon lokal santralize.

Vil la pral anfème espas tou pou kreye twa sal klas preskolè pou timoun ki genyen laj twa rive senk lane, pou ofri yon edikasyon prekòs ki nesesè anpil pou fanmi k ap travay nan Cambridge yo.

Vil la te envesti $3 milyon pou sipòte premye faz rezidansyèl pwojè sa a. Planifikasyon pou dezyèm faz la ak 77 inite abòdab la ap fèt kounye a.

116 Norfolk Street

116 Norfolk Street, ki se yon lòt pwojè AHO, gen parenaj Aministrasyon Lojman Cambridge (CHA). Alòske li twouve li nan katye The Port, pwopriyete 38 inite ki la a ap sibi modènizasyon ak ogmantasyon pou li tounen 62 inite lojman sipò pèmanan pou rezidan a risk oswa ki sou wout pou kite sitiyasyon sanzabri. CHA pral fè patenarya ak Eliot Community Housing Services pou ofri rezidan yo yon gwoup sèvis sipò solid. Tout inite yo pral abòdab pou endividi ki nan mwens pase 30% AM. Modènizasyon an pral reponn ak estanda Enterprise Green Communities epi li pral genyen ladann izolasyon ak twati ak pano solè.

Konstwiksyon yo te kòmanse an janvye 2023 e li resevwa sipò plis pase $10 milyon finansman Vil la.

52 New Street

52 New Street, yon pwojè lojman abòdab Just A Start ap finanse, li twouve li nan North Cambridge, li imedyatman tou pre Danehy Park epi li twouve li tou pre rezèvwa Fresh Pond nan. Y ap devlope sit la pou fè li tounen 106 inite lojman abòdab ki genyen anviwon 3,000 pye kare nouvo espas pou vant an detay. Pifò inite yo pral pou inite lojman abòdab pou fanmi ki nan mwens pase 60% AM epi anpil ladan yo pral inite de chanm a kouche oswa pi gwo. Yo konstwi bilding sa a pou li konfòme li ak estanda Passive House epi li pral genyen ladann fonksyon pou asire ekonomi enèji maksimòm, tankou yon anvlòp tèmik solid ak materyèl ekolojik.

Pwojè sa a se premye ki te jwenn apwobasyon anba dispozisyon Rekouvre Lojman Abòdab (Affordable Housing Overlay, AHO). Konstwiksyon yo te kòmanse an janvye 2023 e li resevwa sipò plis pase $18 milyon finansman Vil la.

Jefferson Park

Aprè plizyè ane planifikasyon, CHA sou wout pou li ranplase, 175 inite lojman ki depase nan devlopman Jefferson Park Federal Public Housing. Kondisyon sou sit la te deteryore nan yon nivo ki te tèlman grav ke yo te retire 57 inite an fonksyon deja gen plizyè lane depi sa te rive. Yo te demoli bilding piblik ane 1950 yo epi travay ladann nan ap avanse pou konstwi 278 inite lojman lokasyon abòdab nan yon prezantasyon ki rekonfigire, sa ki pral pi byen entegre lojman an nan katye ki antoure li a.

Vil la te angaje plis pase $43 milyon nan finansman pou sipòte revitalizasyon resous lojman enpòtan sa a.

4 Mellen Street/1627 Massachusetts Avenue

4 Mellen Street se youn nan pwojè ki pi nèf ki pwopoze sou bay yon AHO. Pwopriyete a twouve li nan katye Baldwin, ant Harvard Square ak Porter Square. Anvan sa li te pwopriyete Lesley University. Moso tè a genyen ladann 6,500 pye kare yon manwa istorik enpòtan, ke yo te konnen sou non Charles Saunders House, epi li genyen yon espas paking byen gwo pa dèyè li. Homeowners Rehab, Inc. (HRI) ap devlope pwopriyete a pou sa l ap modènize kay la epi ajoute yon nouvo bilding pa dèyè a, pou kreye 29 inite abòdab pou moun ki nan 80% ansanm ak espas komodite pou rezidan yo. Espas anplis yo pral ajoute dèyè a ap reponn ak estanda Passive House.

Vil la te angaje $11 milyon fiansman pou devlopman sa a epi HRI ap rasanble kounye a finansman final la pou kòmanse konstwiksyon an.

Lòt Nouvo Lojman Abòdab:

  • 35 Harvey Street:
    • HRI ap kontinye fè lòt travay reyabilitasyon pou konvèti ansyen espas yon sèl chanm (SSO) etablisman pataje sa a pou fè li tounen yon inite apatman abòdab pou endividi k ap kite sitiyasyon sanzabri. Nou atann pou li fini rive fen ane sa a.
  • 49 Sixth Street:
    • Preservation of Affordable Housing (POAH) te konstwi 46 nouvo inite lojman abòdab nan ansyen presbitè Sakre Kè a, lekòl, ak kouvan nan East Cambridge ki pral konstwi nan kad AHO.
  • 87-101 Blanchard Road:
    • B'nai B'rith Housing, ki se yon devlopè lojman san pwofi, te pwopoze 110 nouvo inite lojman abòdab pou granmoun aje nan Cambridge Highlands.
  • Walden Square II:
    • WinnDevelopment, ki se pwopriyetè yon devlopman abòdab 240 inite ki rele Walden Square Apartments, te pwopoze yon plan pou konstwi 95 nouvo inite lokasyon abòdab sou pwopriyete yo a.
  • 37 Brookline Street:
    • Pa gen lontan Just A Start te achte 37 Brookline Street, yon pwopriyete ki twouve li nan katye Cambridgeport la. JAS ap planifye pou kòmanse yon pwosesis kominotè an 2024 pou kreye yon lojman abòdab sou sit la.
  • 35 Cherry Street:
    • Yo te chwazi JAS pou li konstwi nouvo inite pwopriyete la a. Plan yo ap avanse an 2024.
  • 30 Wendell Street:
    • Pa gen lontan HRI te achte pwopriyete 30 Wendell Street la nan men Lesley University, ki twouve li nan katye Baldwin, epi li te kòmanse pwosesis kominotè li pou fè pwomosyon pou nouvo lojman la a an 2024.

 

Genyen nouvo devlopman lojman abòdab k ap fèt nan Rindge Commons North, Nofold Street, New Street, Jefferson Park, Mellen Street, ak lòt kote ozalontou vil la.

Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here