U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Inisyativ Fèt Katye Selebrasyon Twa Katye

Wednesday, December 13, 2023
  • Fèt katye te ede transfòme ri katye yo epi ede reyini vwazen ansanm.  

  • Vil la te bay prèske $15,000 pou fèt blòk an 2023.  

  • Pwogram nan pral kontinye pandan ede 2024. 

 

Kijan w bati kominote, ranfòse koneksyon pami vwazen, ak fè demonstrasyon kreyativite pou favorize yon Cambridge—pi amizan—ak pi ekilibre?  Fèt katye, natirèlman.  

Fèt katye sa yo ap ede fè ri katye yo vin tounen espas piblik ki pi konvivyal ak pi amizan. Lè yo reyini vwazen yo ansanm, Vil Cambridge ap devlope koneksyon kominotè ak rezilyans — ede nou konekte apre pandemi kowonaviris la ak devlope èd mityèl pou pwochèn fwa yon pwoblèm parèt.   
Gras ak sipò City Council la ki te kòmanse prentan pase a, Depatman Sante Piblik Cambridge; Depatman Sikilasyon, Paking ak Transpò; Depatman Devlopman Kominotè; ak Atizay Cambridge te reyini ansanm pou ankouraje fèt katye — espesyalman nan ri ki poko janm òganize youn. 
Pwogram nan pral kontinye pandan ete 2024, pral fè sa ki annapre yo:  

  • Ofri sibvansyon $200 kach pou diminye depans fèt la.  
  • Elimine frè otorizasyon $25 dola fèt katye a.  
  • Ofri jwèt ak aktivite gratis nan pwogram Play Streets la.  
  • Chanje yon obligasyon siyati, ak patisipan yo ki pral bezwen ranmase siyati nan 25 pousan fwaye pou sipòte fèt katye a (avan sa se te 75 pousan li te ye).  
  • Rakousi pwosesis apwobasyon an, avèk aplikasyon yo ke yo bezwen soumèt 14 jou avan fèt la (avan sa se te 30 jou).  
  • Rann li pi fasil pou rezidan yo òganize yon seri fèt katye: kounye a rezidan yo ka aplike jis yon sèl fwa pou fèt katye sou plizyè dat diferan (tankou premye dimanch chak mwa).  

Ki rezilta sa pote? Plis pase 75 òganizatè te resevwa sibvansyon $200. An gwo, yo te bay plis pase $15,000 pou fèt katye an 2023 epi rezidan yo te òganize twa fwa plis fèt katye nan Cambridge pandan ete 2023 parapò ak ane anvan yo. 

Temwayaj:  

Mwen te ale sou sitwèb cambridgema.gov la. Mwen te chache 'fèt katye.' Biw, men ni. Sa te fasil. Mwen te ranpli aplikasyon pou fèt la, ansuit [Vil la] te kontakte mwen. Sa te vrèman pase byen." Casey Wenz, Hancock Place.  

"Yo te rann li vrèman fasil. Anjeneral toujou genyen anpil pwosesis, kounye a pa enkyete pou sa." Donna Erikson, Hancock Street.  

"Kalite rasanbleman sa yo, fasil pou moun patisipe paske yo nan katye a. Ou jis mache ale ladann. ... Mwen te vrèman gen santiman m nan yon kominote. Ou wè anpil paran ap pale. Menm lè mwen t ap fè volontè, mwen te rankontre anpil paran jou sa a." Nuria Jane Chimeno, ko-prezidan Friends of Morse School.  

"Li koresponn ak sa n ap eseye fè chak jou ak restoran kafe a: revitalize espas piblik yo epi bay yon kote pou moun reyini ak mete moun ki soti nan plizyè gwoup diferan ansanm. ... Kominote otantik se yon bagay ki pa anpil ditou epi nou bezwen travay ansanm pou chanje tandans sa a." Henry Hoffstoot, pwopriyetè Faro Café sou Arrow Street.  

"Fèt katye te jwe yon wòl enpòtan pou pèmèt moun kiltive jwa kominotè, koneksyon, ak yon santiman apatenans. Nou rekonesan anpil pou sipò vil la ane sa a. Timoun ak jèn sou katye a te renmen twous jwèt vil la, epi pwosesis rasyonèl aplikasyon an te rann ni pi fasil pou aplike pou yon pèmi. Sipò finansman an te pèmèt nou tou achte plat ak istansil yon fason pou nou kontinye pwofite manje tout vwazen yo te pote a. Sa te vrèman espesyal pou pwofite ak pataje manje ke vwazen yo te prepare ak pataje." 

Block Party - kids playing on the street
" "Mwen nouvo nan zòn nan epi akoz COVID mwen prèske pa konnen pèsonn nan katye a. Pa nou an te fèt tankou yon rankont. Tout moun te fè gwo efò pou prezante tèt yo bay tout moun. Kounye a, mwen ka mete non sou vizaj moun ki nan katye a. Mwen panse se yon bèl sansasyon pou konekte ak vwazen nou yo." Mary Reynolds, Hancock Street. "
" "Plizyè lòt vwazen te rele pou mande si yo mèt òganize fèt katye tou. Fèt katye a te sèvi tankou siman ki te kenbe katye nou an ansanm. Espesyalman pandan ak apre pandemi an, koneksyon otantik ak santiman apatenans te vin tèlman enpòtan, kote rezidan yo te òganize 46yèm fèt katye anyèl yo an 2023." Barbara Best, Antrim Street. "
Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here