U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Inisyativ pou Sipò ak Enspirasyon Edikatè Prekòs

Wednesday, December 13, 2023
  • Cambridge Office of Early Childhood ap travay pou abòde bezwen mendèv epi pou asiste ak pwovizyon anplwa ak demann. 

  • Early Childhood Education Career Training Program ofri pakou estaj peye pou patisipan ki enterese antre nan edikasyon prekòs ansanm ak yon pakou bous pou sila yo k ap travay aktyèlman nan domèn nan. 

  • Genyen lòt opòtinite devlòpman pwofesyonèl anplis nan Early Childhood College Scholarship Program,, ki ofri an patenarya ak Fisher College. 

 

Nan December sa a, aplikasyon pral ouvri pou Cambridge Preschool Program (CPP), yon patenarya an Vil Cambridge ak Cambridge Public Schools. Li pral ofri jou lekòl gratis, ane lekòl preskolè ak tout timoun 4 an Cambridge ak kèlke timoun 3 an. Alòske se Cambridge Office of Early Childhood (OCE) k ap dirije li, CPP pral asire li ke tout timoun preskolè Cambridge jwenn aksè ekitab ak eksperyans aprantisaj wo nivo kalite ki distribye nan yon pakèt pwogram preskolè ke fanmi yo ka aplike gras ak yon grenn aplikasyon. Pandan n ap pare pou lanse sistèm edikasyon prekòs revolisyonè sa a pou ane lekòl 2024- 2025, OEC fokalize sou fondasyon chak sal klas ki reyisi: edikatè nou yo.  

Administratè Devlòpman Mendèv OEC a, Emily Callejas te di, "Sipòte devlòpman mendèv se yon pati esansyèl pou sipòte edikasyon anfans prekòs bon jan kalite," "Si nou pa ofri opòtinite devlòpman pwofesyonèl, nou anba risk pou pèdi edikatè valab epi nou p ap kapab atire nouvo talan nan domèn nan."  

Nan wòl li a, Callejas responsab devlopman relasyon pozitif sou lontèm ak reprezantan domèn anfans prekòs yo ki pral abòde bezwen ak asiste ak otomizasyon òf ak demann. Travay li — ki enfòme ak yon loup Divèsite, Ekite ak Enklizyon (DEI) — fokalize sou devlopman karyè, kreyasyon opòtinite travay, òf devlopman lidèchip, ansanm ak sipò pou edikasyon k ap kontinye. Callegas esplike "Objektif nou se sipòte tout gam bezwen edikatè anfans prekòs yo, ke w nan nivo debitan oubyen ke w te nan domèn nan pandan anpil tan."  

Angajman sa a reflete nan konsepsyon Early Childhood Education Career Training Program, ke yo te lanse nan sezon otòn pase a an kolaborasyon ak Community Learning Center Vil la ak Office Workforce Development. Li ofri pakou estaj peye pou patisipan ki enterese antre nan edikasyon prekòs ansanm ak yon pakou bous pou sila yo k ap travay aktyèlman nan domèn nan. L ap prepare tout patisipan yo pou resevwa akreditasyon Child Development Associate (CDA), ki se yon akreditasyon ke yo rekonèt nan nivo nasyonal k ap debouche sou opòtinite pou kwasans ak pwogrè pwofesyonèl.  

"Mwen t ap chache yon fason pou m fè yon chanjman karyè epi pwogram sa a te fason pafè pou aprann ak eksplore edikasyon anfans prekòs. Becca, yon patisipan nan pwogram pilòt pakou estaj la te di "[The Program] se yon bèl fason pou mete aprantisaj ou an pratik epi dekouvri si travay la koresponn ak sa w ap chache a." Pwogram anyèl la, ki mache soti oktòb – jen, nan dezyèm ane li epi li te ogmante pou enskri 15 nouvo estajyè ak 10 edikatè bousye.  

Anplis pwofesyonèl preskolè, opòtinite devlòpman OEC yo pwolonje al jwenn tout gam founisè edikasyon prekòs yo: gadri timoun nan fanmi, gadri nan sant, ak pwogram vizit adomisil.  

OEC ap fè patenarya ak Harvard University pou ofri enskripsyon ak aksè nan pwogram Certificate in Early Education Leadership (CEEL), ki vize pou sipòte lidè edikasyon prekòs yo ak konesans fondamantal, konpetans ak zouti ki nesesè pou kiltive anviwònman ak eksperyans aprantisaj optimal.  

Yon lòt opòtinite devlòpman pwofesyonèl anplis nan PEarly Childhood College Scholarship Program, ki ofri an patenarya ak Fisher College. Aplikasyon bous yo disponib pou edikatè anfans prekòs ki baze nan Cambridge twa fwa pa ane pou edikatè yo pran kou kolèj anliy pami yon seleksyon fòmasyon sou anfans prekòs.  

Hanna Loetz, yon patisipan nan pwogram bous la te di "Mwen te aprann sou enpòtans kominikasyon efikas, jere sitiyasyon konplèks, ak konprann bezwen fanmi yo." "Mwen te vin akeri tou konesans sou planifikasyon finansyè ak yon latriye opsyon disponib pou jere etablisman gadri."  

Callejas ap travay ak plis pase 114 pwogram edikasyon prekòs nan Cambridge k ap sèvi timoun soti depi lè yo fèt rive nan laj senkan. Atravè inisyativ devlopman OEC a, li kenbe yon pawòl santral: enspirasyon.  

Callejas te di "pandemi a te mete aksan sou enpòtans domèn edikasyon anfans prekòs la, menm jan pou kenbe edikatè nou yo enspire. "Lanmou ki motive edikatè nou yo pou travay ak jèn timoun enspire mwen. Jèn timoun merite pi bon bagay ke nou ka ba yo, epi genyen opòtinite pou nou grandi noumenm kenbe nou nan fè pi bon travay."  

Pou plis enfòmasyon sou opòtinite pou edikatè nan Office Early Childhood, tanpri vizite sitwèb https://earlychildhoodcambridge.org/

" Lanmou ki motive edikatè nou yo pou travay ak jèn timoun enspire mwen. Jèn timoun merite pi bon bagay ke nou ka ba yo, epi genyen opòtinite pou nou grandi noumenm kenbe nou nan fè pi bon travay. "
Early Childhood Educators
Edikatè Early Childhood
Cambridge Preschool Program
Preskolè Gratis pou timoun 4 an Cambridge
Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here