U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Nouvo Wòl la Entegre yon Pwofesyonèl Sante Mantal ak Dispatchè yo

Wednesday, December 13, 2023
  • Nouvo Klinisyen ki nan Sant Apèl 911 nan Vil la imedyatman kòmanse fè enpak sou sèvis rezidan yo. 

  • Klinisyen an pral genyen plizyè wòl, sa ki genyen ladann fè swivi ak endividi epi sipòte moun k ap rele yo nan moman vilnerab avan premye sekouris yo rive sou sèn nan.

 

An 2023, Vil Cambridge te kreye yon nouvo pòs nan Emergency Communications Department lan — yon Klinisyen nan Sant Apèl 911 an. Nouvo pòs sa a, ki ra nan anpil gran vil, se jis youn nan anpil efò Cambridge ap fè pou mete aksan sou konpreyansyon vil la ke sante mantal fè pati entegral eksperyans moun pandan l ap kreye yon chemen ekitab pou rezidan yo angaje ak yon pwofesyonèl sante mantal.   

Klisyen Sant Apèl 911 Vil Cambridge la se yon pòs sante piblik inik puiske li plase pwofesyonèl sante mantal yo dirèkteman andedan Ermergency Communications Center (ECC) a ansanm ak dispatchè yo. Dispatchè Sant Apèl 911 yo gendwa sèvi ak Klinisyen an pandan ijans pou objektif entèvansyon nan kriz/redui nivo oswa, lè sa apwopriye, pou sipòte moun k ap rele yo nan moman vilnerab avan premye sekouris yo rive sou sèn nan. Anplis de sa, yon gwo pati nan wòl Klinisyen Sant Apèl 911 an se fè swivi ak bay manm kominote a koneksyon ak sante mantal ansanm ak sèvis apwopriye yo pandan y ap bay referans, ofri resous, fasilite depistaj, ofri sipò ak pledwaye, ansanm ak jesyon koutèm. Pozisyon sa a se yon gwo konpleman ak sèvis ke Dispatchè 911 yo deja ap ofri yo.  Lè yon moun rele 911 pou yon ijans sante konpòtmantal, dispatchè nou yo, ka klase apèl pou repons sante mantal apwopriye sou baz pwotokòl medikal ke anplwaye yo itilize.  Pwotokòl sa a la pou asire repons ki pi apwopriye a sou baz sa ki rapòte nan moman y ap bay moun ki nan bezwen sèvis la.  Klinisyen Sant Apèl 911 an enkòpore nan plan repons nou yo kounyea kòm yon resous anplis pou asiste rezidan, dispatchè ak premye sekouris yo.

Yo te anboche Cara Corin kèm premye Klinisyen Sant Apèl 911 ECC a. Yon Mèt nan Travay Sosyal (Master of Social Work, MSW) ki te gradye nan Boston University, ki te travay avan sa antanke travayè sosyal nan Cambridge Police Department's Clinical Support Unit. Li pataje vizyon Vil Cambridge ki se pataje resous sante mantal ekitab pou tout rezidan li yo: "Mwen tèlman gen anpil chans pou m genyen yon opòtinite pou itilize sante mantal ak lòt koneksyon ajans sèvis moun mwen te fè pou mwen kontinye asiste rezidan Cambridge yo ak pi gwo pwoblèm sante mantal yo ak lòt bezwen paralèl yo." 

Vil Cambridge rekonèt totalman ke rann resous sante mantal aksesib pou rezidan li yo enpòtan anpil, patikilyèman paske sosyete nou an kontinye ap ekate li parapò ak estigmatizasyon sante mantal pou anbrase fason nou kapab ankouraje aksè ekitab pou nenpòt endividi ki bezwen oswa swete resevwa asistans ak pati esansyèl sante jeneral li.

"Lefèt ke rezidan Cambridge yo ouvri pou angaje yo avèk mwen ki se Klinisyen Sant Apèl 911 an bay yon santiman ekstrawòdinè. Preparasyon anpil rezidan pou man ak aksepte asistans nan men mwen nan wòl mwen reflete nan ki fason anplwaye ECC Cambridge yo te pran apèl sa yo pandan anpil ane epi reflechi sou tout pwogrè CPD te reyalize nan yon apwòch polis ki santre sou kominote a. Presedan konfyans ak respè rezidan yo genyen pou pèsonèl sekirite yo ansanm ak angajman anpatik ak kominote a te pèmèt mwen kòmanse fè pwogrè rapid nan asistans kliyan paske yo konprann ke mwen soti nan yon pozisyon pou m bay sèvis nan respè, kèlkeswa sa sitiyasyon oswa bezwen an ye."

Kantite apèl yo kontinye ogmante pandan mwa pase yo nan sa ki gen pou wè ak bezwen sante konpòtmantal. Wòl Klinisyen Sant Apèl 911 an genyen yon enpak imedya sou sèvis rezidan yo ap resevwa epi li te rete konsistan jiskaprezan. 

Corin te di "Lè yon manman rele pou mande asistans pou pitit li, mwen te rive konprann enkyetid pèsonèl ak sistemik li, sa ki te pèmèt mwen fasilite yon kolaborasyon ant fanmi li, sèvis disponib yo, ak Ajan Resous Jèn pou diminye enkyetid pou sekirite pitit li ansanm ak sipò li pral resevwa nan kominote a." 

Te sitou gen yon bezwen pou Klinisyen Sant Apèl 911 an fè swivi ak endividi olye de pale ak yo puiske y ap pale ak ECC nan moman an. Sepandan, ofiramezi ECC kontinye fè wòl evolye, epi ofiramezi moun k ap rele ak dispatchè yo vin abiye ak wòl ki nan depatman an, yo atann ke bezwen pou Klinisyen Sant Apèl 911 an angaje nan tan reyèl ak yon moun ki rele k ap travèse yon kriz rive pi souvan.

"Mwen te resevwa tèlman bèl pawòl apresyasyon nan men manm kominote a ki te remèsye m paske m te asiste yo nan bay bezwen yo priyorite, konekte ak sèvis apwopriye a, ansanm ak fasilite kolaborasyon ak manm Polis Cambridge. Mwen te resevwa imèl ak mesaj tèks nan telefòn selilè travay mwen pou remèsye m pou "devouman", "travay di", ak "pledwaye" mwen. Remèsiman sa yo fè mwen santi m piti, epi mwen santi li enpòtan pou m fè tout moun ki kontakte m pou di m mèsi ke mwen rive kapab asiste yo nan nvo ke yo rive aksepte asistans, nan menm nivo a, yo devwe, travay di sou tèt yo oswa sou moun yo renmen yo, e yo se pi bon defansè tèt yo, jan demann yo montre sa pou èd mwen ak ouvèti mwen nan rezolisyon kolaboratif pwoblèm!" 

Si rezidan yo oswa yon moun ou renmen ta renmen konekte ak Klinisyen Sant Apèl 911 an anrapò ak sante mantal ak/oswa lòt pwoblèm paralèl, tanpri rele ling Polis Cambridge pou ka ki pa ijan yo nan (617) 349-3300 epi mande pou pale ak Klinisyen Sant Apèl 911 an.

" Lè yon manman rele pou mande asistans pou pitit li, mwen te rive konprann enkyetid pèsonèl ak sistemik li, sa ki te pèmèt mwen fasilite yon kolaborasyon ant fanmi li, sèvis disponib yo, ak Ajan Resous Jèn pou diminye enkyetid pou sekirite pitit li ansanm ak sipò li pral resevwa nan kominote a. "
Picture of the 911 Call Center Clinician
Yo te anboche Cara Corin kèm premye Klinisyen Sant Apèl 911 ECC a.
Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here