U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Anplwaye yo Ofri Èd ak Depans Chofaj Ivè

Wednesday, December 13, 2023
  • Vil la vle asire li ke manm kominote ki kalifye pou pwogram nan konnen kijan pou yo aplike alòske y ap travay ak konpayi sèvis piblik pou restore chalè pou kliyan yo.

 

Chak ane, Fuel Assistance Program nan ede plis pase 1,200 rezidan nan Cambridge ak Sommerville peye fakti chofaj ivè yo ant 1ye novanm ak 30 avril. Pifò rezidan pa janm panse ak fakti chofaj jiskaske tanperati yo desann, men pou anplwaye k ap ede jere sèvis enpòtan sa yo, planifikasyon pou Asistans Kabiran kòmanse pandan chalè ete a. 

Claudia Cruz, direktris Fuel Assistance Program nan (Li nan Department of Human Service Programs). Sa genyen ladann voye pa lapòs mil lèt bay rezidan ki te patisipe nan pwogram nan anvan yo pou ankouraje yo enskri ankò. Nouvo kliyan kapab aplike nan Fuel Assistance Program nan apati 1ye oktòb rive 30 avril. 

Cruz di, "Nou travay nan fason rapwoche ak ajans pou asire nou ke manm kominote yo ki kalifye pou pwogram nou an konnen kijan pou yo aplike ak fason pou antre an kontak avèk nou." Pwogram nan genyen moun ki pale panyòl pami anplwaye yo epi enskri tradiktè pou kandida ki pale lòt lang yo. 

Fwaye yo kalifye pou Asistans Kabiran si yo reponn ak direktiv salè yo. Cruz, k ap ankouraje rezidan yo tcheke direktiv salè yo (ke yo mete ajou chak ane) ke yo site sou sitwèb Asistans Kabiran an, te di "Anpil fanmi k ap travay kalifye pou Asistans Kabiran, men yo pa okouran." Moun ki pa gen papye kalifye pou aplike si y ap viv ak omwen yon sitwayen. 

Finansman pou pwogram nan detèmine chak ane nan nivo federal, ki administre fon pou eta a. Low-Income Home Energy Assistance Program (LIHEAP) distribye fon bay ajans lokaj chak mwa, sou baz kantite aplikasyon apwouve. Anplwaye Fuel Assistance ak DHSP yo ap jere pwosesis apwobasyon chak mwa pou jwenn aksè ak fon eta yo. Yo fè pledwaye tou pou chak fon, tou depann de nivo bezwen kominote a. 

Cruz ak ekip twa anplwaye a tan plen li a trete plizyè santèn aplikasyon chak mwa, ke yo revize selon dat yo resevwa yo a. Si yon kandida kalifye, yo apwouve yo pou montan avantaj sou baz salè yo. Sa a se total asistans ke yon kliyan pral resevwa nan depans chofaj ke li te fè soti 1ye novanm ak 30 avril. Anplwaye yo travay dirèkteman ak kliyan sèvis piblik oswa konpayi petwòl la pou li genyen montan avantaj la reflete nan fakti yo (li parèt tankou "Peman LIHEAP" sou fakti a).

Si yon kliyan te resevwa yon montan avantaj ki te kouvri fakti chofaj yo, anplwaye  Fuel Assistance Program nan ka refere yo bay lòt ajans pou plis asistans. Ekip la pral ede tou lè moun yo ap fè fas ak ijans chofaj. Si yon kliyan pa genyen chofaj, resevwa yon avi entèripsyon sèvis nan 72 èdtan, oswa li genyen mwens pase 1/8 tank petwòl, anplwaye Fuel Assistance yo ka pote asistans menm jou a. 

Cruz te di "Nou fè tout sa nou kapab pou ede tout moun ki nan bezwen, ke se swa y ap peye fakti chof ivè, travay ak konpayi sèvis piblik pou ede yon kliyan rejwenn chofaj li, oswa konekte yon kliyan ak lòt pwogram enèji lokal ak eta a ki kapab ede yo ekonomize lajan." 

Angajman pou ede kominote a pa fini ak sezon ivè a. Apati fevriye, Cruz ak ekip li a kòmanse planifye pou opere Summer Food Program chak ane a ki pral bay manje maten, manje midi, ak soupe gratis pou rezidan Cambridge yo ki genyen 18 an ak mwens. 

Aplike nan Fuel Assistance Program an rive jiska 30 avril nan www.cambridgema.gov/FuelAssistance.  

" Nou fè tout sa nou kapab pou ede tout moun ki nan bezwen, ke se swa y ap peye fakti chof ivè, travay ak konpayi sèvis piblik pou ede yon kliyan rejwenn chofaj li, oswa konekte yon kliyan ak lòt pwogram enèji lokal ak eta a ki kapab ede yo ekonomize lajan. "
Fuel Assistance Flyer
Depans chofaj sezon fredi
Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here