Pandan Bidjè Fonksyònman an finanse sèvis chak jou nan Vil la, Bidjè Envestisman an envesti nan enfrastrikti alontèm ki kenbe Cambridge pou l fonksyone.
Envestisman sa yo sipòte pwojè ki amelyore wout, pon, lekòl, pak, bilding piblik, sistèm pou dlo, ak lòt byen kominotè rezidan yo konte sou yo chak jou. Paske pwojè sa yo souvan pran plizyè ane pou konplete epi bay benefis pandan plizyè dizèn ane, yo mande pou yo planifye ak atansyon ak jesyon finansye alontèm.
Bidjè Envestisman Ane Fiskal 2027 la envesti $155.2 milyon nan pwojè ki amelyore enfrastrikti piblik, ranfòse rezistans kont klima, ak modènize enstalasyon Vil la atravè Cambridge.
Envesti nan Enfrastrikti Esansyèl
Kenbe ak amelyore enfrastrikti se youn nan responsablite alontèm ki pi enpòtan pou Vil la. Bidjè Envestisman Ane Fiskal 2027 la gen ladan gwo envestisman pou amelyore sèvis piblik anba tè, diminye inondasyon, ak pwoteje kalite dlo, tankou:
- $12.4 milyon pou pwojè konstriksyon reparasyon yo
- $9.4 milyon pou amelyorasyon egou ak dlo lapli
- $7.5 milyon pou pwojè Combined Sewer Overflow (CSO) [Debòdman Egou Konbine]
- $500,000 pou Enfrastrikti ekolojik pou jere dlo lapli
- $500,000 pou inisyativ rezistans klimatik
Ansanm, pwojè sa yo ede modènize enfrastrikti ki ansyen yo pandan y ap prepare Cambridge pou enpak move tan ki pi souvan.
Envesti Atravè Kominote a
Vil la te otorize tou $90.3 milyon nan obligasyon pou sipòte gwo amelyorasyon envestisman atravè Cambridge.
Envestisman sa yo pral ede renove bilding minisipal yo, amelyore pak ak espas ouvè, forè iben, modènize sistèm Planifikasyon Resous Antrepriz (ERP) Vil la, avanse pwojè Complete Streets ki amelyore sekirite pou tout itilizatè, epi kenbe ak amelyore enstalasyon lekòl yo.
Bidjè a gen ladan $11.2 milyon nan finansman Pay-As-You-Go (Peye selon jan ou itilize), ki pèmèt Vil la peye dirèkteman pou sèten pwojè inik san yo pa prete. Sèvi ak lajan kach lè sa apwopriye ede diminye depans pou dèt yo nan lavni epi bay pi gwo fleksibilite finansye.
Envesti nan Sèvis Dlo Fyab
Separe de pwogram envetisman jeneral Vil la, pwojè enfrastrikti dlo yo finanse atravè chaj sèvis dlo ak obligasyon ki pou dlo.
Envestisman Ane Fiskal 2027 yo gen ladan yo $2 milyon pou konstriksyon sistèm dlo ak $310,000 pou ranplase yon jeneratè ozòn yo konn itilize nan pwosesis tretman dlo Vil la, sa ki ede asire rezidan yo ap kontinye resevwa dlo pou bwè ki an sekirite epi fyab.
Planifikasyon Alontèm pou
Chak pwojè envestisman kapital yo evalye ak anpil atansyon pou balanse bezwen enfrastrikti aktyèl yo ak responsablite finansye alavni. Lè yo planifye pwojè yo sou plizyè ane, kowòdone envestisman atravè depatman yo, epi jere enfrastrikti yo anvan yo echwe, Cambridge kapab pwoteje byen piblik, diminye depans alontèm, epi kontinye bati yon kominote ki pi fò ak pi rezistan.