U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Soti nan Priyorite rive nan Aksyon

Thursday, September 3, 2026
" Senk gwo priyorite City Council la pèmèt nou garanti lajan Vil la ap depanse yo mache ak sa popilasyon Cambridge la bezwen, valorize, epi ak objektif li genyen alontèm. "
Chak bidjè kòmanse ak yon kesyon senp: Kisa ki pi enpòtan pou kominote nou an? 

Nan Cambridge, repons lan soti nan plizyè kote. Rezidan yo pataje lide yo atravè reyinyon piblik, sondaj, ak pwogram tankou Participatory Budgeting (Bidjè Patisipatif). Depatman Vil la idantifye bezwen ak opòtinite k ap parèt. Epi City Council (Konsèy Vil) la etabli priyorite ki ap gide travay Vil la epi ki ede detèmine alafwa Bidjfòme Fonksyònman ak Bidjè Envestisman. 

Nan fevriye 2026, City Council la te adopte yon seri priyorite ki te ajou ki sèvi kòm kad pou Bidjè Ane Fiskal 2027 la. Priyorite sa yo òganize sou senk gwo domèn, epi yo ede garanti envestisman piblik yo reflete bezwen, valè, ak objektif alontèm kominote Cambridge la. 

Men ki jan priyorite sa yo pran lavi nan bidjè ane sa a. 


Lojman ak Zonaj (Planifikasyon itilizasyon tè yo) 

Elaji Opòtinite Lojman 


Lojman rete youn nan pi gwo defi pou Cambridge, epi Bidjè Ane Fiskal 2027 la kontinye angajman Vil la genyen depi lontan pou l elaji opòtinite lojman yo pandan l ap ede rezidan yo rete nan kominote yo rele lakay yo. 

Bidjè a sipòte devlopman ak prezèvasyon pou lojman ki abòdab, prevansyon kont sanzabri, ak pwogram ki ede rezidan yo jwenn epi kenbe lojman ki estab. Li kontinye tou envestisman ki ogmante opòtinite pou lojman pou fanmi ki gen revni ba ak modere, granmoun aje, ak rezidan ki gen andikap. 

Ane sa a make yon chanjman òganizasyonèl enpòtan tou. Pwogram ki pou lojman ak sanzabri a ki te deja jere pa twa depatman, te vin fè pati yon sèl Housing Department (Depatman Lojman). Lè l konsolide sèvis sa yo, Vil la vize pou l amelyore kowòdinasyon, senplifye aksè pou rezidan yo, epi ranfòse kapasite li pou reponn a bezwen lojman yo. 

Vil la ap kontinye avanse refòm politik lojman li yo, ki gen ladan l mizajou zonaj (règ pou kote moun ka bati kay oswa biznis), refòm pakin, ak amelyorasyon nan lavni nan kondisyon lojman enklizif ak pwosesis pou jwenn pèmi. Ansanm, efò sa yo fèt pou elaji rezo lojman ki nan Vil la epi kreye plis opòtinite pou moun viv nan Cambridge. 

Opòtinite Ekonomik ak Ekite 
Sipòte Biznis Lokal yo ak yon Ekonomi ki Enklizif 


Ti biznis yo se yon pati esansyèl nan sa ki fè Cambridge inik. Yo kreye travay, ranfòse katye yo, epi kontribye nan vitalite ekonomik Vil la. 

Bidjè Ane Fiskal 2027 la kontinye envestisman ki ede antreprenè yo kòmanse, grandi, epi adapte atravè sibvansyon pou amelyorasyon devan magazen yo, asistans teknik, sipò pou komès elektwonik, asistans nan piblisite, ak pwogram aktivasyon kominotè tankou Cambridge Plays ak NITES. 

Vil la ap elaji efò pou sipòte biznis fanm posede tou ak biznis ki te defavorize istorikman. Fòmasyon sou fason Vil la achte machandiz ak sèvis, pwojè pou bay divès kalite founisè chans, ak kontak n ap pran dirèkteman ak moun yo, sa yo pèmèt biznis yo jwenn plis chans pou yo fè konpetisyon pou kontra Vil la epi reyisi alontèm. 

An menm tan, Cambridge ap planifye pou yon ekonomi ki kontinye evolye. Devlopman komèsyal ki pi lan, chanjman nan sektè syans vivan yo, ensètitid federal, ak chanjman nan mache travay la, tout prezante nouvo defi. Vil la ap travay kole sere ak patwon yo ansanm ak chèf biznis yo pou sipòte rezistans ekonomik alontèm pandan l ap kenbe pozisyon Cambridge kòm youn nan pi gwo sant inovasyon nan mond lan. 


Transpò 
Bati yon Vil ki Pi An Sekirite Ak Pi Konekte


Kit rezidan yo ap mache, monte bisiklèt, pran transpò piblik, oswa kondwi, transpò afekte lavi a chak jou. 

Bidjè Ane Fiskal 2027 la kontinye envestisman ki amelyore sekirite, elaji chwa transpò yo, epi ranfòse koneksyon atravè vil la. 

Pwojè yo enkli amelyorasyon kontinyèl nan Linear Park ak Grand Junction Multiuse Path, ansanm ak travay konsepsyon pou yon pon pou pyeton ak bisiklèt nan lavni k ap konekte katye Rindge Avenue ak Danehy Park ak zòn komèsyal ki toupre li yo. 

Vil la ap travay an kolaborasyon sere ak MBTA pou amelyore sèvis transpò atravè rekonsepsyon Better Bus Network la tou pandan y ap etidye fason pou yo amelyore sèvis bis k ap fè ale-vini yo epi redwi reta bis yo. Amelyorasyon nan estasyon bis yo prevwa fè aksè ak konfò pasaje yo pi byen, pandan envestisman kontinyèl MBTA nan Red Line (Liy Wouj) la ap kontinye amelyore fyablite l pou itilizatè transpò l yo. 


Dirablite ak Rezistans Klimatik 
Preparasyon pou yon Klima k ap Chanje 


Bidjè Ane Fiskal 2027 la kontinye angajman Cambridge pou l redwi degajman gaz ki lakòz efè tèmik pandan l ap prepare kominote a pou enpak chanjman klimatik yo. 

Ane sa a make premye ane konplè kote operasyon minisipal yo pral mache ak 100 pousan elektrisite ki renouvlab, yon etap enpòtan nan Plan Aksyon Net Zero Vil la. 

Lòt envestisman gen ladan yo elaji rezo pou chaje machin elektrik piblik yo, sipòte chanjman flòt machin Vil la pou yo vin elektrik, epi modènize enfrastrikti enèji yo. 

Bidjè a gen ladan tou envestisman enpòtan nan amelyorasyon egou ak dlo lapli ki pral redwi inondasyon, amelyore kalite dlo a, epi ranfòse rezilyans Vil la pandan evènman metewolojik grav ki vin pi souvan. Kolaborasyon kontinyèl ak Somerville epi Massachusetts Water Resources Authority (Otorite Resous Dlo Somerville ak Massachusetts), ansanm ak angajman kominotè ki elaji, pral ede nou gide amelyorasyon dlo lapli a ak Combined Sewer Overflow (CSO) [Debòdman Egou Konbine] nan lavni. 


Pèfòmans Gouvènman an ak Pèfòmans Konsèy la 
Bati yon Vil ki pi Transparan ak ki pi Angaje


Bon gouvènman depann de plis pase yon jesyon finansye ki responsab. Li depann tou de transparans, responsablite, ak bonjan patisipasyon piblik la. 

Pandan tout pwosesis bidjè Ane Fiskal 2027 la, Cambridge City Council la te òganize yon seri reyinyon piblik pou egzamine kondisyon ekonomik yo, bidjè fonksyònman ak envestisman, finansman federal yo, priyorite depatmantal, ak planifikasyon finansye alontèm yo. Diskisyon sa yo te bay rezidan yo yon pi bon konpreyansyon sou fason yo pran desizyon yo ak fason lajan piblik yo envesti. 

Ane sa a, Budget Office la te prezante sesyon Budget Walk Through a tou, ki te bay rezidan yo opòtinite pou yo aprann kijan bidjè a devlope, konprann kijan priyorite yo afekte depans yo, epi poze kesyon dirèkteman bay Travayè Vil la. 

Efò sa yo bati sou angajman Cambridge fè depi lontan pou patisipasyon piblik la atravè Participatory Budgeting. Depi 2014, rezidan yo pwopoze lide, ede devlope pwojè, epi vote pou voye plis pase $11 milyon nan plis pase 80 pwojè kominotè atravè vil la.

Ansanm, inisyativ sa yo ede asire rezidan yo pa sèlman enfòme sou desizyon Vil la, men yo gen opòtinite ki gen valè pou ede fòme yo.
Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here