U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Planifikasyon pou yon Ekonomi Ensèten

Thursday, September 3, 2026
" Sa Cambridge ka fè se kontinye planifye ak anpil atansyon, pran desizyon finansye ki byen kalkile, epi envesti yon fason ki entelijan pou Vil la rete byen pozisyone pou kèlkeswa sa k ap vini. "
Cambridge benefisye depi lontan de youn nan ekonomi lokal ki pi solid nan peyi a. 

Pandan plizyè dizèn ane, kwasans nan Kendall Square ak atravè distri komèsyal vil la te ede sipòte sèvis piblik yo, envesti nan enfrastrikti yo, epi kenbe taks sou pwopriyete rezidansyèl yo pi ba pase sa yo t ap ye otreman. Siksè sa a te pèmèt Cambridge fè envestisman ki enpòtan nan lekòl, lojman abòdab, pak, transpò, inisyativ kont klima, ak pwogram ki ranfòse kominote a. 

Jodi a, sitiyasyon ekonomik la ap chanje. 

Menm jan ak anpil kominote, Cambridge ap fè eksperyans ak devlopman komèsyal ki pi lan, to enterè ki pi wo, ensètitid nan nivo federal, ak chanjman nan syans vivan yo epi mache pou lwe biwo yo. Malgre Kendall Square rete youn nan pi gwo sant inovasyon nan mond lan, demann pou espas laboratwa ak biwo yo te ralanti konpare ak ane ki sot pase yo. 

Chanjman sa yo pa vle di ke Cambridge gen pwoblèm finansye. Sepandan, yo vle di yon planifikasyon ki byen kalkile vin pi enpòtan plis toujou kounye a. 

Poukisa Kendall Square Enpòtan 

Kendall Square se plis pase yon sant pou rechèch ak inovasyon. Li se yon gwo motè pou ekonomi Cambridge tou. 

Devlopman komèsyal la jenere revni taks sou pwopriyete ki ede finanse anpil nan sèvis rezidan yo konte sou yo chak jou, soti nan lekòl ak sekirite piblik rive nan pak, amelyorasyon pou transpò, ak lojman ki abòdab. Yon baz taks komèsyal solid ede tou kenbe taks sou pwopriyete rezidansyèl yo konparativman ba. 

Pandan kwasans komèsyal la ap ralanti, Vil la dwe balanse ak anpil atansyon envestisman l ap kontinye fè yo ak dirablite finansye li alontèm. 

Planifikasyon Pi Lwen Pase Bidjè Aktyèl la 

Youn nan pi gwo fòs Cambridge seke li planifye byen pi lwen pase yon sèl ane fiskal. 

Pandan tout ane a, Budget Office la devlope epi mete ajou pwojeksyon finansye a yon fason pou omwen senk ane nan lavni. Previzyon sa yo ede Vil la evalye kondisyon ekonomik k ap chanje yo, antisipe defi nan lavni, epi pran desizyon ki baze sou bon enfòmasyon, anvan pwoblèm yo vin pi enpòtan. 

Planifye davans bay Vil la opsyon. Olye li reyaji devan chanjman ekonomik yo apre yo fin rive, Cambridge ka ajiste depans li yo, fè envestisman yon priyorite, epi prepare pou diferan senaryo ekonomik yo pandan l ap kontinye bay sèvis rezidan yo depann de yo. 

Fòs Finansye Kreye Fleksibilite 

Estabilite finansye Cambridge se rezilta plizyè dizèn ane planifikasyon avèk atansyon epi yon jesyon finansye responsab. 

Politik finansye ki solid, bon jan rezèv, bidjè konsèvatif, ak planifikasyon alontèm te ede Vil la reponn a kondisyon ekonomik k ap chanje yo pandan li kontinye envesti nan priyorite kominotè yo. 

Apwòch disiplin sa a pèmèt Cambridge rete fleksib, kontinye fè envestisman estratejik, epi kenbe youn nan to taks sou pwopriyete rezidansyèl ki pi ba nan rejyon an. 

Pèspektiv sou Lavni 

Kondisyon ekonomik yo ap kontinye chanje, epi pèsonn pa ka predi egzakteman sa lavni an pral pote. 

Sa Cambridge ka fè se kontinye planifye ak anpil atansyon, pran desizyon finansye ki byen kalkile, epi envesti ak entèlijans pou Vil la rete byen pozisyone pou kèlkeswa sa k ap vini. 

Se apwòch sa a ki reflete nan Bidjè Ane Fiskal 2027 a lè li balanse bezwen aktyèl yo ak opòtinite alavni yo pandan l ap kenbe fòs finansye rezidan yo te vin ap atann yo.
Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here