U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Kesyon ak Repons avèk City Manager Yi-An Huang

Thursday, September 3, 2026
" Kapasite nou pou bay meyè sèvis depann de yon jesyon finansye ki responsab. Lè nou pran mezi aktif jodi a, n ap ede asire Cambridge rete finansyèman solid pou ane k ap vini yo.– City Manager Yi-An Huang "
Nan sesyon kesyon ak repons sa a, City Manager Yi-An Huang diskite sou Bidjè Fonksyònman ak Bidjè Envetisman pou Ane Fiskal (A.F) 2027 Cambridge, kondisyon ekonomik k ap fòme yo ak fason Vil la ap balanse priyorite aktyèl yo ak responsablite finansye alontèm.

K: Ane sa a make yon etap enpòtan pou bidjè Cambridge la. Kisa ki fè Ane Fiskal 2027 la remakab? 

R: Ane Fiskal 2027 make premye fwa nan istwa Cambridge ke Bidjè Fonksyònman nou an depase $1 milya. Pandan sa se sètènman yon etap enpòtan, mwen panse istwa ki pi enpòtan an se sa bidjè sa a reprezante. 

Bidjè a reflete kontinite angajman nou anvè priyorite ki pi enpòtan pou kominote nou an, tankou lojman abòdab, edikasyon timoun piti, enfrastrikti lekòl, sekirite transpò, dirabilite, ak sèvis ki sipòte rezidan ki pi vilnerab nou yo. An menm tan, nou te travay kole sere ak City Council la pou modere kwasans bidjè a yon fason ki responsab. 

Bidjè Fonksyònman Ane Fiskal 2027 ki te adopte a totalize a $1.03 milya, yon ogmantasyon 4.1 pousan sou Ane Fiskal 2026. Sa a lwen anba alafwa mwayèn kwasans anyèl sou senkan nou an ki se 6.7 pousan ak mwayèn sou dizan nou an ki se 6.1 pousan. 

Cambridge rejwenn Boston, Worcester, ak Springfield kòm sèl minisipalite nan Massachusetts ki gen yon bidjè fonksyònman gwosè sa a. Sa reflete lajè sèvis nou bay yo ak envestisman konstan ki nesesè pou nou kenbe yon bon kalite lavi pandan n ap prepare nou pou lavni. 

K: Ki kondisyon ekonomik ki te afekte bidjè ane sa a? 

R: Nou te devlope bidjè sa a pandan yon peryòd ensètitid ekonomik t ap ogmante. 

Pousantaj enterè ki pi wo, devlopman komèsyal ki pi lan, chanjman nan politik federal, ak lajan gouvènman federal la te konn bay pou ede ak COVID la ki sispann, fè yo tout gen potansyèl pou afekte finans Vil la, pa sèlman ane sa a men nan ane k ap vini yo. 

Reyalite sa yo te mande pou nou reflechi plis sou fason nou envesti lajan piblik. Olye nou reyaji devan defi yo pandan y ap parèt, n ap planifye davans pou Cambridge rete finansyèman solid kèlkeswa jan ekonomi an chanje. 

K: Malgre difikilte ekonomik sa yo, nan kisa bidjè Ane Fiskal 2027 la kontinye envesti? 

R: Menm lè kondisyon ekonomik yo chanje, bidjè sa a kontinye envesti nan priyorite ki defini Cambridge. 

N ap kenbe yon gwo sipò pou lekòl, lojman abòdab, sekirite transpò, dirabilite, enfrastrikti piblik, ak pwogram ki sèvi timoun, fanmi, granmoun aje, ak rezidan ki pi vilnerab nou yo. 

An menm tan, n ap pran yon apwòch alontèm nan kesyon planifikasyon finansye. Sa vle di pou nou kontinye envesti nan kominote nou an pandan n ap jere pousantaj taks yo ak anpil atansyon epi asire nou rete prepare pou defi nan lavni. 

Toupatou nan Massachusetts, anpil vil ak kominote ap mande elektè yo pou yo apwouve demach pou depase limit taks (overrides) Pwopozisyon 2½ paske depans k ap monte yo depase kantite lajan yo ka ranmase atravè taks sou pwopriyete yo. Depans pou anplwaye ki pi wo, asirans sante, enfrastrikti k ap vyeyi, lavi-chè, ak ekspirasyon finansman federal pou sekou kont COVID yo te kreye presyon finansye ki enpòtan. 

Erezman, Cambridge pa nan pozisyon sa a. Atravè jesyon finansye ki atantif pandan plizyè ane, nou te kapab kontinye envesti nan kominote nou an san nou pa bezwen pran demach pou depase limit taks la. Objektif nou se kenbe pozisyon finansye solid sa a byen nan lavni. 

K: Ki jan Vil la ap adrese presyon sa yo pandan l toujou ap satisfè bezwen kominote a? 

R: Pandan n ap travay kole kole ak City Council la, nou te pran yon apwòch ak disiplin pou bidjè ane sa a. 

Nou te revize chak pati nan bidjè a ak anpil atansyon, idantifye efikasite l yo, bay nouvo envestisman yo priyorite, epi konsantre depans yo kote y ap gen pi gwo enpak la. An menm tan, nou te kontinye envesti nan sèvis esansyèl epi kenbe fleksibilite pou reponn a bezwen k ap parèt yo. 

Kapasite nou pou bay bon sèvis depann de yon jesyon finansye responsab. Lè n ap pran mezi alavans jodi a, n ap ede asire Cambridge rete finansyèman rezistan pou ane k ap vini yo. 


K: Ki chanjman yo te mande depatman yo fè kòm pati nan planifikasyon pou ane sa a? 

R: Yo te mande chak depatman pou chèche fason pou redwi depans yo san yo pa redwi kalite sèvis rezidan yo depann de yo. 

Depatman yo te idantifye apeprè 2.1 pousan nan ekonomi ki nan bidjè fonksyònman yo a pou ede konpanse ogmantasyon depans ki inevitab, tankou konpansasyon pou anplwaye, asirans sante, pansyon, enèji, materyèl, founiti, ak bezwen potansyèl pou absòbe depans ki te sipòte anvan atravè finansman federal yo. 

Kòm yon egzanp, nou sispann pifò vwayaj ki pa esansyèl andeyò eta a pou yon ti tan pou konferans ak fòmasyon jiska omwen jen 2027. Menmsi pa gen okenn inik aksyon ki rezoud defi a, ansanm desizyon sa yo ede asire n ap itilize resous piblik yo yon fason responsab. 


K: Ki jan Vil la ap fè pwosesis bidjè a pi transparan ak aksesib? 

R: Youn nan priyorite nou yo se fè pwosesis bidjè a pi fasil pou konprann epi bay rezidan yo plis opòtinite pou patisipe.

Anplwaye yo te fè yon envestisman ki enpòtan pou yo fè piblikasyon bidjè a pi fasil pou navige ak revize sou entènèt. Atravè eksploratè bidjè sou entènèt la, ou ka itilize zouti entèraktif pou eksplore bidjè fonksyònman ak bidjè envetisman Vil la. Kapasite pou fè rechèch yo te amelyore epi seksyon yo pi fasil pou navige.

Pandan n ap travay kole sere ak City Council la, patikilyèman atravè Finance Committee (Komite Finans) lan, nou te òganize yon seri reyinyon piblik ki te eksplore chak aspè nan Bidjè Ane Fiskal 2027 la, ki gen ladan tandans ekonomik, planifikasyon envetisman, priyorite depatman yo, ak estrateji finansye alontèm. 

Ane sa a, Budget Office (Biwo Bidjè) a te entwodui tou sesyon "Budget Walk Through" (Eksplikasyon Bidjè) ki te bay rezidan yo opòtinite pou aprann kijan bidjè a devlope, konprann kijan priyorite yo akfekte depans yo, epi pote kesyon yo dirèkteman bay Travayè Vil la. 

Yon kominote enfòme mennen a desizyon ki pi solid, epi nou vle rezidan yo santi yo konprann pa sèlman sa n ap envesti ladan l, men poukisa. 


K: Cambridge, daprè istwa li, konte sou gwo rezèv finansye. Ki sitiyasyon yo jodi a? 

R: Pandan plizyè lanne, nou sèvi ak kòb taks anplis ke nou ranmase ansanm ak kòb kach nou te genyen yo yon fason ki entèlijan, pou n ka reponn ak pwoblèm sanzatann pandan n ap jere sèvis nan Vil la 

Jodi a, toude prèske nan nivo yo ki pi ba nan prèske de deseni. Sa se yon rapèl enpòtan nou bezwen rete disipline nan planifikasyon finansyè nou. 

Lè nou pran mezi ki byen kalkile kounye a, nou nan yon pi bon pozisyon pou n prezève fleksibilite finansye nou epi kontinye bay bon jan kalite sèvis ke rezidan yo ap atann, menm si kondisyon ekonomik yo vin pi difisil. 


K: Kijan planifikasyon envetisman an te antre nan bidjè ane sa a? 

R: Planifikasyon envetisman se youn nan zouti ki pi enpòtan nou genyen pou n pwoteje sante finansye alontèm Vil la. 

Nou te revize ak anpil atansyon dimansyon, moman, ak sekans gwo pwojè envestisman yo pou asire yo rete abòdab pandan nou kontinye envesti nan enfrastrikti kominote nou an depann sou li. 

Paske prete lajan pou pwojè envestisman afekte bidjè fonksyònman nan lavni atravè sèvis dèt, yon planifikasyon ki byen kalkile esansyèl. Atravè revizyon sa a, nou redwi bezwen sèvis dèt ki te prevwa yo. Apre sèvis dèt la te ogmante 7.7 pousan nan Ane Fiskal 2026, nou limite kwasans lan a 4.3 pousan nan Ane Fiskal 2027. 

Apwòch sa a pèmèt nou kontinye envesti nan wout, bilding, pak, lekòl, enfrastrikti dlo, ak lòt byen alontèm pandan l ap ede nou kenbe depans fonksyònman alavni yo yon fason ki fasil pou jere. 


K: Kisa ou espere rezidan yo kenbe nan bidjè ane sa a? 

R: Mwen espere rezidan yo wè bidjè sa a reflete yon planifikasyon ki fèt avèk atansyon, yon jesyon ki responsab, ak yon angajman anvè avni Cambridge. 

Chak bidjè mande pou nou balanse bezwen aktyèl yo ak responsablite alavni yo. Bidjè ane sa a kontinye envesti nan sèvis ak pwogram ki fè Cambridge yon bon kote pou moun viv pandan n ap pran mezi ki byen kalkile pou nou asire ke Vil la rete finansyèman solid pou ane k ap vini yo. 

Responsablite nou se pa sèlman satisfè bezwen rezidan jodi a, men tou pou kite jenerasyon kap vini yo ak yon kominote ki finansyèman rezistan, byen konsève, epi prepare pou kèlkeswa sa k ap vini.
Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here