U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Poukisa Bidjè Ane Fiskal 2027 la Ogmante

Thursday, September 3, 2026
" Yon gwo pati nan ogmantasyon an reflete depans ki monte pou kenbe sèvis kalite siperyè ke rezidan yo ap atann, pandan n ap kontinye envesti nan priyorite ki ranfòse kominote a. "
Bidjè Fonksyònman Ane Fiskal 2027 la 4.1 pousan pi gwo pase bidjè ane pase a. Malgre sa reprezante yon ogmantasyon apeprè $41 milyon, li lwen anba mwayèn kwasans nans bidjè Cambridge pandan senk ak dis dènye ane ki pase yo. 

Yon gwo pati nan ogmantasyon an reflete depans k ap ogmante pou kenbe bon kalite sèvis rezidan yo ap atann, pandan n ap kontinye envesti nan priyorite ki ranfòse kominote a. 

Envesti nan Edikasyon 

Pi gwo ogmantasyon an, apeprè $13.3 milyon, sipòte Cambridge Public Schools. Finansman sa a ede asire lekòl yo kontinye bay yon bon kalite edikasyon, sèvis pou elèv yo, ak opòtinite aprantisaj pou timoun Cambridge yo. 

Sipòte Travayè Vil la 

Menm jan ak patwon travay atravè peyi a, Cambridge kontinye fè eksperyans ak depans anplwaye k ap ogmante. Bidjè Ane Fiskal 2027 la gen ladan apeprè $21 milyon nan finansman adisyonèl pou salè, anvantaj pou anplwaye yo, ak yon ajisteman 2.5 pousan parapò ak pri lavi a pou anplwaye Vil la. Envestisman sa yo ede Vil la jwenn epi kenbe travayè kalifye ki nesesè pou bay sèvis piblik ki esansyèl epi ki gen enpak. 

Kenbe Enfrastrikti Ki Enpòtan 

Bidjè a reflete tou pri k ap monte pou kenbe enfrastrikti ki sipòte lavi chak jou. 

Sèvis dèt ki asosye ak pwojè envestisman kapital alontèm ap ogmante pa $4.7 milyon, pandan chaj ki soti nan Massachusetts Water Resources Authority (MWRA) ap ogmante nan apeprè $1.2 milyon. Envestisman sa yo ede kenbe sistèm dlo ak egou ki fyab epi sipòte kontinite amelyorasyon nan espas piblik ak enfrastrikti. 

Satisfè Bezwen Kominotè yo 

Bidjè Ane Fiskal 2027 la gen ladan tou envestisman ki vize pou reponn a priyorite kominotè k ap evolye yo, tankou: 

  • $1.3 milyon pou materyèl pou trete dlo  
  • $1 milyon pou elaji koupon lojman minisipal  
  • $1 milyon pou sipò evènman espesyal  
  • $500,000 pou sipòte operasyon kont nèj  
  • Finansman adisyonèl pou fòmasyon anplwaye yo ak ranbousman lajan ekolaj  
  • Sipò pou entèvansyon nan ka kriz ak sèvis medikal  
  • Pwogram manje adisyonèl pou granmoun aje  
  • Pri kontra ak depans pou aktivite nòmal yo monte nan tout depatman nan Vil la  


Chak bidjè reflete yon balans ant depans k ap ogmante ak priyorite kominotè yo. Bidjè Ane Fiskal 2027 la kontinye envesti nan edikasyon, enfrastrikti, sèvis piblik, ak pwogram ki sipòte rezidan yo pandan y ap jere angajman Vil la genyen depi lontan pou l fè yon jesyon finansye ki responsab.

Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here