Soumèt Lide yo Isit la
Vil Cambridge la ap kòmanse 13yèm pwosesis Participatory Budgeting (PB) li a epi li vle tande lide w sou kijan pou depanse yon pati nan bidjè Vil la sou pwojè pou amelyore kominote nou an. Kijan ou t ap depanse $500,000 pou amelyore Cambridge?
Participatory Budgeting (PB) se yon pwosesis demokratik kote manm kominote a ka vote pou deside ki jan pou yo depanse yon pati nan bidjè vil la. Vil Cambridge espere PB la pral ede rezidan yo patisipe nan pwosesis bidjè vil la. PB vize ede ankouraje angajman sivik ak lespri kominotè epi asire bidjè Vil la reflete priyorite rezidan Cambridge yo.
Pwojè ki te ganyan nan dènye sik PB yo gen ladan yo amelyorasyon sant jèn yo, founiti pou rezidan k ap fenk loje, pano solèy pou Bibliyotèk Prensipal la, aksè lesiv nan lekòl piblik yo, ak anpil lòt ankò!
Soumèt lide w yo anvan 11ye Oktòb 2026.
Kalandriye Peryòd PB13:
- Septanm : Soumèt lide w yo!
- Oktòb 2026 – Fevriye 2027 : Rezidan volontè pral fè rechèch ak devlope lide sa yo an pwopozisyon pwojè. Manadjè Vil la ak Anplwaye Vil la pral apwouve 20 pwopozisyon pou bilten vòt PB a.
- Mas 2027: Vòt bilten PB! Tout rezidan Cambridge ki gen 12 an oswa plis ka vote, kèlkeswa sitiyasyon sitwayènte l.
Chwazi isit la pou pataje lide w pou amelyore Cambridge!