Pandan prèske yon syèk, ti bilding brik ki nan kè Harvard Square a te yon limyè koneksyon. Bati an 1927 kòm yon antre tren anba tè epi pita lokal lejann Out of Town News, kyòs la te toujou plis pase yon estrikti—li te yon kote moun rankontre, yon moniman kiltirèl, ak yon senbòl enèji san limit Cambridge la.
Kounye a, apre plizyè ane kontribisyon kominote a, bon jan planifikasyon, ak bon jan restorasyon, Vil Cambridge te revele yon nouvo chapit solid pou moniman sa a nou renmen anpil la. Nan mwa me 2025, kyòs istorik la te relouvri kòm Cambridge KiOSK—yon sant kiltirèl, yon espas rasanbleman kominotè, ak yon sant enfòmasyon pou vizitè ki fèt pou selebre kreyativite ak divèsite Vil la.
Selebrasyon jou ouvèti a te prezante mizik an dirèk, bwason ak ti goute, epi chans pou rezidan yo ak vizitè yo antre nan espas transfòme a pou premye fwa.
Onore tan Lontan, Fòme Avni
Ekspozisyon inogirasyon an te rann omaj a istwa rich KiOSK la avèk yon ti kyòs jounal tanporè ki selebre eritaj medya enprime Cambridge la. Vizitè yo te temwen kijan jounal radikal, piblikasyon mizik, e natirèlman, Out of Town News li menm te fòme idantite vil la. Konferans "15 Minit Cambridge" chak semèn yo te bay istwa sa yo lavi, kreye yon pon ant listwa ak konvèsasyon jodi a.
Men, nouvo KiOSK la se pa sèlman pou gade dèyè. Li konsène kreye yon espas fleksib, ki toujou ap evolye pou atizay, pèfòmans, ak koneksyon kominotè. Vizitè yo te asiste mizik an dirèk, lekti pwezi, atelye atizay, sware komedi, ak ekspozisyon ki chanje avèk sezon yo—tout sa yo se moun Cambridge ki fòme yo.
"Transfòmasyon sa a respekte rich istwa KiOSK la pandan l ap kreye nouvo opòtinite pou rasanbleman, kreyativite, ak angajman sivik nan kè Harvard Square," se sa City Manager Yi-An Huang te di. “Nou te kontan wè l ap pwospere kòm yon sant akeyan kote rezidan ak vizitè yo ka konekte epi selebre vibrasyon kiltirèl Cambridge la.”
Yon Vizyon Kominotè, Plizyè Ane Ap Reyalize
Reyimajinasyon KiOSK la pa t fèt nan yon sèl jou. Gide pa yon pwosesis kominotè ki te dire dezan, konsepsyon an te reflete vwa rezidan yo, òganizasyon lokal yo ak atis ki te vle espas la enklizif, dinamik e fidèl ak Cambridge.
Soti nan do kay la ak kolòn brik yo ki te restore ak anpil atansyon rive nan fenèt modèn yo ki kounye a ouvri bilding lan sou plaza a, chak detay reflete yon balans ant onore listwa ak akeyi lavni.
"Sa a se te vrèman yon travay ki fèt ak lanmou," City Manager Adjwen Kathy Watkins te deklare. "Nou ankouraje vizitè yo pou yo leve je yo, admire plafon an bwa ki te restore a ak detay istorik yo, epi tou pou yo apresye touch modèn byen panse yo ki fè espas sa a aksesib e akeyan jodi a."
Yon Pòtay pou Vizitè yo, Yon Sèn/Estang pou Moun Lokal yo
KiOSK la sèvi tou kòm nouvo kay pou Sant Enfòmasyon Vizitè Cambridge la, li ofri itinerè ki byen òganize, konsèy espesyal ak akèy volontè ki konnen vil la pi byen, anpil ladan yo te yon lè kliyan fidèl Out of Town News.
"Vizitè yo ap jwenn plis pase jis kat jewografi (map) ak direksyon," se sa Candice Beaulieu, Direktè Egzekitif Biwo Touris Cambridge la te di. "Y ap dekouvri fason pèsonalize pou yo fè eksperyans ki pi bon nan atizay, kilti ak istwa Cambridge."
Pandansetan, CultureHouse, òganizasyon san bi likratif ki jere pwogramasyon nan KiOSK la, envite atis lokal yo, òganizasyon san bi likratif yo, ak biznis yo pou pote kreyativite pa yo nan espas la. Soti nan pèfòmans ti echèl rive nan atelye pratik, objektif la se te kenbe pwogramasyon an divès ak vibran tankou Vil la li menm.
"Out of Town News te konn pote konvèsasyon mondyal nan Harvard Square," se sa Aaron Greiner, Direktè Egzekitif CultureHouse te di. "Jodi a, se koneksyon lokal yo ki pi enpòtan. Rezon egzistans KiOSK la se pou kreye moman dekouvèt ak apatenans pou tout moun ki antre nan pòt li yo."
Plis Pase yon Bilding
Reyouvèti KiOSK la fè pati tou yon transfòmasyon ki pi laj. Vil la ap rekonstwi plas santral Harvard Square a, ajoute nouvo espas vèt, plas piblik pou chita, ak amelyorasyon aksesiblite. Plaza a ak KiOSK la ansanm pral fòme yon kafou akeyan nan kè Cambridge.
Se yon rapèl ke pwojè sa a pa sèlman pou renove yon bilding, li plis pou ranfòse yon angajman anvè kominote a. Nouvo lavi KiOSK la reflete kwayans vil la ke espas piblik yo ta dwe enspire, enkli, epi konekte.
Pandan pòt yo ap louvri ankò, pwochen chapit la deja ap dewoule paske ti bilding brik nan Harvard Square a deja pare pou pwochen chapit li a—pa sèlman kòm yon moniman tan lontan, men kòm yon espas vivan, kote moun Cambridge yo ka respire jodi a.