U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Mesaj Manadjè Vil la

Wednesday, December 13, 2023

Li difisil pou kwè ke septanm 2023 make premye anivèsè dat depi lè mwen gen onè akprivilèj travay antanke Manadjè Vil nou. Pandan plis pase yon lane ki sot pase a, mwen te travay di pou ekilibre tout vwa nan kominote divès nou an, jwenn konsansis nan Konsèy Vil la ak swiv direksyon yo, epi mete annavan eksperyans pwofesyonèl ak ekspètiz lidè ak anplwaye depatman Vil la. 

Pandan tan sa a, nou te fè envestisman enpòtan ansanm ak angajman atravè domèn enpòtan ki reflete priyorite Konsèy Vil la:

1. Lojman abòdab kontinye fè pati pi gwo priyorite nou. Nou te afekte $46 milyon nan Ane Fiskal la (FY)24, sa ki genyen ladann $41 milyon nan Affordable Housing Trust lan. 

Anplis de sa, Konsèy la te mande anplwaye Vil la rasanble yon Alewife Zoning Working Group pou aplike rekòmandasyon apati Alewife District Plan 2019 la epi ofri règ zonaj k ap gide kreyasyon yon nouvo katye dinamik nan dènye gwo zòn vil la ak yon opòtinite pou gwo planifikasyon ak redevlòpman k ap pèmèt devlòpman komèsyal tandiske l ap pèmèt tou pwogresyon objektif Vil la nan pwodiksyon lojman, vitalite ekonomik, ak rezilyans anviwònmantal. Pandan dènye 18 mwa yo, anplwaye vil la te dirije yon pwosesis gwoup travay ki te reyini ansanm divès enterè rezidan, biznis kominotè, enstitisyon, pwopriyetè, ak devlopè. Pwosesis la te debouche sou yon vizyon pataje pou yon distri ki genyen itilizasyon miks k ap ekilibre kwasans ekonomi an ak devlopman lojman epi livre amelyorasyon enfrastrikti enpòtan. Zonaj final ke 9-0 manm Konsèy la te adopte kreye kad pou yon katye plizyè mòd diferan, rezilyan, epi dirab ak amenajman kominotè solid. Zonaj la ankouraje konstwiksyon pon pou bekàn/pyeton sou ray tren an epi mande devlòpman komèsyal sou yon sèten peryòd pou kontribye nan pwovizyon lojman ak fon pou amelyorasyon enfrastrikti. Pwojeksyon estimasyon devlòpman rive 2040 se ap anviwon 3,500 nouvo apatman, sa k ap genyen ladann 700 apatman abòdab. 

Alòske nou genyen anpil travay pou nou fè pou abòde depans lojman wo, n ap pote kontribisyon ki poko janm fèt anvan ak angajman finansye nou plis pase twa fwa valè sa ki te konn bay pandan dènye deseni an epi nou genyen yon konsantrasyon klè sou devlopman lojman. 

2. Sipòte kominote sanzabri nou an kontinye yon priyorite enpòtan. Vil la te afekte $16 milyon pou rezoud pwoblèm sanzabri ak estabilite lojman. Mwen fyè anpil dèske m ap travay pou yon vil ki ofri plis chanm abri ijans pou granmoun pa endividi sou kantite popilasyon an, parapò ak nenpòt lòt vil nan eta a. Anfèt, Cambridge genyen prèske kat fwa kantite chanm pa abitan parapò ak mwayèn nan tout eta a. Malgre fen finansman eta a ak ki riske ekspire, Vil la te prezève prèske 100 chanm abri ijans an 2023.  Nan Ane Fiskal 2024 la nou te ajoute $2.8 milyon sou fòm nouvo finansman pou konsève kapasite nou nan abri pou sòti nan pandemi an.

Puiske sa gen rapò ak estabilite lojman, yon fwa ankò Cambridge Fuel Assistance Program, ap aksepte aplikasyon pou sezon chalè 2023-2024 la. Pandan dènye senk an yo, pwogram Fuel Assistance  nan te distribye plis pase $4.9 milyon sou fòm asistans fakti chofaj pou rezidan Cambridge ak Sommerville. Se youn nan pwogram – ansanm ak Housing Stabilization Fund nan ak anpil  lòt – ke nou pran angajman pou li yon fason pou nou ede rezidan yo. 

Ofri sipò pou sanzabri nou yo ak lòt moun ki nan bezwen pandan n ap konsève kare vil k ap pwospere gras ak inisyativ tankou Central Square City Lots Study pral kontinye yon priyorite atravè plizyè depatman.

3. Cambridge Preschool Program nan reprezante pi gwo envestisman finansye pou Ane Fiskal 2024 ak 2025 lan. N ap prepare aktivman pou  Cambridge Preschool Program nan (CPP), pou lè lekòl ouvri nan otòn 2024 la. Nou pral ofri kourikouloum gwo kalite  pou  tout timoun ki genyen katran pandan n ap bay timoun twazan yo priyorite Alòske se Cambridge Office Early Childhood k ap dirije li Cambridge Preschool Program pral asire li ke tout timoun preskolè Cambridge jwenn aksè ekitab ak eksperyans aprantisaj wo nivo kalite ki distribye nan yon pakèt pwogram preskolè ke fanmi yo ka aplike gras ak yon grenn aplikasyon. Fanmi yo te kapab kòmanse soumèt aplikasyon apati 1ye desanm 2023. 

4. N ap fè fas ak yon kriz klimatik mondyal epi Cambridge ap prepare pou fès ak li. Nou te afekte $18 milyon nan Ane Fiskal 2024 la pou redui emisyon bilding, machin elektrik, ak envestisman enèji renouvlab ak òdonans Vil enpòtan ansanm ak pwogram k ap aplike ane sa a.

Jan nou te di sa nan dènye edisyon Cambridge Life la, ki te konsakre ak Chanjman Klimatik nou te franchi yon etap enpòtan an jen 2023 gras ak adopsyon amandman Building Energy Use Disclosure Ordinance (BEUDO), ki deklare pou gwo bilding, bilding ki pa rezidansyèl yo redui emisyon gaz k ap chofe planèt la nan yon nivo obligatwa nèt zewo rive 2035. Apati out 2023, nou te adopte yon nouvo règlemantasyon Fossil Fuel Free ki pral limite itilizasyon kabiran fosil nan nouvo konstwiksyon oswa gwo modènizasyon. Etap enpòtan kle sa yo vin fèt anplis amelyorasyon nouvo pwogram n ap ofri rezidan nou yo, sa ki genyen ladann pwogram solè kominotè ak sibvansyon dekabonizasyon pou plizyè fanmi. 

5. Finalman, rann lari nou yo pi an sekirite pou tout moun se yon go priyorite pou Vil la. N ap kontinye envesti nan enfrastrikti iben nou an pou repare wout ki andomaje, amelyore aksesiblite, ranje entèseksyon ki danjere, ak ogmante vwa pwoteje pou bisiklèt. 

Pa egzanp, nou te enstale vwa bisiklèt separe ak ilo elve pou pyeton pandan ete sa a sou Brattle Street pou ede Vil la reponn ak egzijans Cycling Safety Ordinance lan. Kounye a de vwa bisiklèt Cambridge ki sou Brattle Street la fè tout longè ri ki konekte Harvard Square rive West Cambridge—prèske 1.5 mil soti nan yon pwent rive nan yon lòt. Anplis de sa, Vil la te konstwi tou ilo pou pyeton travèse ant vwa deplasman bisiklèt ak machin yo nan pasaj pyeton tou pre Appleton Street, Lowell Street, Fayerweather Street, Lexington Avenue ak Fresh Pond Lane. 

Nou fèpi pibliye yon nouvo rapò sou Bicycling in Cambridge pou oktòb 2023. Selon pwennvi mwen, nouvèl ki pi ankourajan nan rapò a ak efò n ap n ap kontinye fè pou sekirite lari a sè ke kantite moun k ap monte bisiklèt ap ogmante (granmoun ak timoun), kantite aksidan diminye soti 2003 pou rive 2022 (pa milyon mil deplasman sou bisiklèt) ak frakti te diminye tou nan gravite yo. N ap travay plis pou asire sekirite moun k ap deplase sou wout nou yo pandan n ap amelyore enfrastrikti pou akomode moun k ap mache, monte moto ak bisiklèt ak jwe tou pre oswa nan lari nou yo.

Mwen devlope plis sou sijè sa yo ansanm ak lòt priyorite enpòtan nan rapò envestiti  pèfòmans mwen an an novanm 2023. Li disponib pou nenpòt moun gade li sou https://www.cambridgema.gov/Departments/citymanagersoffice/communicationsoffice.

Alòske 2023 a rive rive nan fen li epi n ap tann  2024 la rive, se ak anpil imilite ke m ap gade efò ak ekspètiz ki genyen pami anplwaye ak administrasyon Vil la Se yon privilèj pou mwen travay pou Vil la. Nou te akonpli yon pakèt bagay pandan plis pase yon ane ki sot pase la a epi m ap tann ak enpasyans pou leve defi k ap vin pi devan tout pandan nou pral selebre plis siksè ansanm. 

Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here