U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Banner collage of photos of Cambridge residents

Rise Up Cambridge

Rise Up Cambridge se yon angajman $22 milyon nan men Vil Cambridge pou ede fwaye ki gen timoun yo sèvi ak lajan vil la resevwa nan American Rescue Plan Act federal la. Li bay lajan kach dirèk a fwaye Cambridge ki gen revni fèb ki gen timoun ki gen oswa ki poko gen laj 21 an, ki touche nan nivo oswa pi ba 250 pousan Nivo Povrete Federal la. Rise Up Cambridge pral pèmèt fwaye sa yo resevwa $500 pa mwa pandan 18 mwa.

Sèl pwogram asistans lajan kach nan tout vil la nan peyi a, Rise Up Cambridge vize abòde gwo diferans ekonomik ak inegalite rasyal k ap kontinye ogamante nan Cambridge, pandan l ap kenbe divèsite popilasyon vil nou an epi kontinye rete yon espas kote tout fwaye yo ka pwospere. Asistans lajan kach dirèk se yon estrateji efikas kont povrete epi li bay rezidan yo pouvwa pou yo deside ki jan pou yo pi byen satisfè bezwen ak objektif finansye yo. Cambridge ap itilize apwòch sa a pou l gen yon enpak pozitif sou yon pati nan fwaye ki pi vilnerab nou yo pandan y ap fè efò pou jwenn estabilite ekonomik, jwenn aksè nan edikasyon ak opòtinite, ak amelyorasyin sante apre pandemi COVID-19 la.

Pwogram sa a ap fèt an patenarya ak Office of Mayor Siddiqui, Cambridge Economic Opportunity Committee (CEOC), ak Cambridge Community Foundation.

Our Rise Up Cambridge team is available in person to answer your questions and help you fill out an application. Please find us at any of the times and locations listed here. No appointment is needed.

Location Day of Week
Monday Tuesday Wednesday Thursday Friday Saturday
CEOC
11 Inman St.
9am ‑ 5pm 9am ‑ 5pm 9am ‑ 7pm 9am ‑ 5pm 9am ‑ 12pm
Mayor's Office
795 Massachusetts Ave.
City Hall, 2nd floor
9am ‑ 8pm 9am ‑ 5pm 9am ‑ 5pm 9am ‑ 5pm 9am ‑ 12pm
Fresh Pond Apartments
362 Rindge Ave.
Community Room
4pm ‑ 7pm
12pm ‑ 3pm

Kritè Elijibilite yo (yo tout dwe vre):

Ou elijib si:

  1. Ou se yon rezidan Cambridge; EPI
  2. Revni w tonbe pi ba pase 250% Liy Povrete Federal la pou kantite moun ki nan fwaye w; EPI
  3. Ou gen yon timoun ki gen oswa ki poko gen laj 21 an nan fwaye w; EPI
  4. Ou gen 18 an oswa plis.

REMAK: Fwaye ki elijib yo gen ladan yo:

  • Fanmi ki gen yon sèl paran
  • Fanmi ki gen de paran
  • Fanmi ki pa tradisyonèl tankou granparan oswa fanmi pwòch k ap pran swen timoun

REMAK: Si ou menm oswa yon lòt granmoun nan fwaye w ap etidye nan lekòl siperyè aplentan, ap pouswiv yon diplòm pwofesyonèl aplentan (ki gen ladan men pa limite a yon MD, MBA, oswa JD), OSWA se yon kandida PhD, ou pa elijib pou Rise Up Cambridge, menm si ou ranpli lòt kritè kalifikasyon yo.

REMAK: Pa gen okenn egzijans sitwayènte.

250% Liy Povrete Federal la selon Gwosè Fwaye a

Gwosè Fwaye a Revni Chak Ane Revni Chak Mwa Revni Chak Semèn
2 $49,300 $4,108 $948
3 $62,150 $5,179 $1,195
4 $75,000 $6,250 $1,442
5 $87,850 $7,321 $1,689
6 $100,700 $8,392 $1,937
7 $113,550 $9,463 $2,183
8 $126,400 $10,533 $2,431
Chak adisyonèl +$12,850 +$1,071 +$247

Rise Up Cambridge bati sou siksè Cambridge RISE (Revni Renouvlab pou Siksè ak Otonomi), yon pwojè pilòt revni debaz ki te lanse an 2021, ki te sèvi 130 fanmi swayan selibatè ap dirije nan Cambridge. Pwojè pilòt la te montre ki jan asistans lajan kach gen enpak sou fanmi ki nan povrete yo, e ki jan li ka bay rezidan yo pouvwa pou yo deside ki jan pou pi byen satisfè bezwen ak objektif finansye yo.

Finansman: $22 milyon nan American Rescue Plan Act (ARPA) federal la finanse pwogram nan.

Mezire enpak Rise Up Cambridge: Cambridge Community Foundation pral travay men nan men ak Vil la pou reyalize yon pwogram aprantisaj kote patisipan yo ka ranpli sondaj volontè epi/oswa dokimante istwa yo ak eksperyans yo pandan Pwogram nan. Kòm yon pati nan Pwogram nan, yo ka bay patisipan yo opòtinite pou ede apwofondi konpreyansyon sou valè avantaj lajan kach yo lè yo patisipe nan sondaj volontè, ak/oswa dokimante istwa yo ak eksperyans yo kòm yon pati nan yon pwogram aprantisaj. Patisipe nan sondaj oswa lòt aktivite pwogram aprantisaj se yon bagay volontè epi li pa yon egzijans pou Pwogram nan. Sepandan, yo espere ke moun k ap patisipe nan sondaj oswa jounal yo pral jwenn konpansasyon pou tan yo.

Kesyon medya yo: Kontakte Lee Gianetti, Direktè Kominikasyon, 795 Massachusetts Avenue, Cambridge, MA 02139, lgianetti@cambridgema.gov, 617-349-3317.

News

Kesyon sou Elijiblite

Èske mwen kalifye pou Rise Up Cambridge?

Ou elijib si:

  1. Ou se yon rezidan Cambridge; EPI
  2. Revni w tonbe pi ba ke 250% Liy Povrete Federal la pou kantite moun ki nan fwaye w; EPI
  3. Ou gen yon timoun ki gen oswa ki poko gen laj 21 an nan fwaye w; EPI
  4. Ou gen 18 an oswa pi gran.

Ou pa bezwen se yon sitwayen pou aplike.

REMAK: Si ou menm oswa yon lòt granmoun nan fwaye w:

  • Ap etidye nan lekòl siperyè aplentan, OSWA
  • Ap pouswiv yon diplòm pwofesyonèl aplentan (ki gen ladan men pa limite a yon MD, MBA, oswa JD), OSWA
  • Se yon kandida PhD, ALÒ

Ou pa elijib pou Rise Up Cambridge, menm si ou ranpli lòt kritè kalifikasyon yo.

Ki jan ou defini yon fwaye?

Yon fwaye gen ladann ou menm, mari/madanm ou oswa patnè w, ak nenpòt lòt manm fanmi ki depann de ou pou kouvri pifò depans li yo (egzanp: timoun ki poko gen laj 21 an, elèv, oswa granmoun aje, manm fanmi ki malad oswa ki andikape).

  • Yo pa kapab deklare menm timoun yo nan de aplikasyon separe. Si toude paran yon timoun abite Cambridge, yo ka deklare timoun nan sèlman nan aplikasyon paran ki deklare timoun sa a kòm yon depandan nan deklarasyon taks sou revni federal li pou ane sa a.
  • Ou pa ta dwe konte moun ki pataje chanm avèk ou oswa lokatè kòm yon pati nan fwaye w.
  • Si ou pataje yon kay oswa yon apatman ak yon lòt fanmi, ki endepandan finansyèman, yo konsidere w kòm yon fwaye separe.

Mwen pataje yon apatman ak yon lòt/fanmi ki ap aplike tou. Èske mwen ka aplike? Ki dokiman mwen dwe bay pou prèv rezidans?

Si ou pataje yon kay oswa yon apatman ak yon lòt fanmi, ki endepandan finansyèman, nou se fwaye separe.

  • Chak fanmi ka soumèt yon aplikasyon.
  • Chak fwaye dwe bay prèv adrès.

Si mwen menm oswa yon moun nan fwaye m se yon imigran san papye, èske mwen ka aplike?

Wi, pwogram sa a ouvri pou tout rezidan kèlkeswa sitwayènte yo oswa sitiyasyon imigrasyon yo devan lalwa. Aplikasyon an pap poze kesyon ki gen rapò ak sitiyasyon legal ou.

Dapre Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini, yo pap itilize avantaj ki gen rapò ak COVID-19 yo, tankou asistans lajan kach, pou detèmine si yon moun te oswa si li kapab vin yon chaj piblik.

Ki sa ki kalifye kòm revni? Èske avantaj piblik mwen yo konte nan revni fwaye mwen an?

Revni fwaye ou an gen ladan tout lajan ou menm oswa lòt granmoun ki gen plis pase 21 an nan fwaye a resevwa apati:

  • Salè
  • Travay
  • Benefis sou kapital yo
  • Kont pou retrèt/pansyon
  • Asirans chomaj
  • Asirans andikap
  • Sekirite Sosyal

Avantaj piblik ou yo pa konte nan revni fwaye w. Kèk egzanp avantaj piblik yo genyen ladan yo:

  • Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (SNAP)
  • Pwogram Espesyal Nitrisyon Siplemantè pou Fanm, Tibebe, ak Timoun (WIC)
  • Asistans Tanporè pou Fanmi ki nan Nesesite (TANF).

Tanpri patisipe nan yon sesyon an pèsòn pou resevwa èd pou kalkile revni w si:

  • Ou pa gen yon revni regilye (chak semèn oswa chak mwa), oswa
  • Ou gen revni travay endepandan (pa egzanp, chofè Uber oswa Lyft).

Fanmi mwen sanzabri, epi mwen pa gen yon adrès pèmanan. Èske mwen ka aplike? Ki dokiman mwen bezwen?

Wi, ou ka aplike. Pou dokiman, ou ka bezwen kolabore ak anplwaye CEOC pou jwenn yon lèt ki sètifye ke ou se yon fanmi Cambridge.

Si mwen menm oswa yon moun nan fwaye m nan prizon, sou pwobasyon, oswa sou libète kondisyonèl, èske mwen ka aplike?

Wi. Si ou menm oswa yon moun nan fwaye w nan prizon, sou pwobasyon, oswa sou libète kondisyonèl, ou ka aplike.

Kesyon sou Pwosesis aplikasyon ak delè

Ki jan yo pral chwazi fwaye yo pou patisipasyon?

Aplikasyon yo pral apwouve sou yon baz kontinyèl. Tout fwaye ki satisfè kritè kalifikasyon yo epi ki ranpli yon aplikasyon kapab patisipe nan pwogram sa a.

Ki jan ak ki lè mwen ka aplike?

Aplikasyon yo ap disponib sou entènèt apati 1ye Jen 2023. Ou ka aplike nenpòt lè ant 1ye Jen 2023 ak 31 Jiyè 2023. Se sèlman yon aplikasyon ki otorize pou chak fwaye. Aplikasyon yo pral apwouve sou yon baz kontinyèl (jan yo resevwa yo).

Travayè sansibilizasyon kominotè yo ka ede w ranpli yon aplikasyon.

Èske li enpòtan pou konnen kiyès paran/manm fwaye k ap aplike?

  • Nenpòt paran oswa manm fwaye adilt ki elijib kapab aplike.
  • Li pa enpòtan ki paran/manm fwaye ki granmoun ki aplike. Y ap voye peman bay paran/manm fwaye ki granmoun ki te aplike a.
  • Chak fwaye kapab rantre nan pwogram nan yon sèl fwa. Timoun yo ka konte sèlman yon fwa.

E si mwen divòse oswa si mwen pataje jesyon pitit mwen yo?

Si youn paran oswa responsab legal abite Cambridge, epi lòt la pa abite Cambridge, avantaj la pral jwenn paran oswa responsab legal ki abite Cambridge la. Si toude paran yon timoun abite Cambridge, se sèlman paran timoun nan ki viv ak plis pase mwatye ane ak li ki kapab deklare timoun sa a.

Ki delè pou aplike ak resevwa peman yo?

Aplikasyon yo louvri — 1ye Jen 2023, Jiska 31 Jiyè 2023.

Seleksyon — Patisipan yo pral apwouve sou yon baz kontinyèl. Y ap chwazi tout aplikan ki ranpli kondisyon kalifikasyon yo.

Konsèy sou avantaj yo — Pandan pwosesis aplikasyon w lan, n ap idantifye si w bezwen konsèy sou avantaj yo. Anplwaye CEOC ka ede w konprann nenpòt pèt posib de avantaj yo.

Verifye estati aplikasyon mwen an — W ap resevwa yon lyen nan imel oswa tèks lè w soumèt aplikasyon w lan. Ou ka verifye estati aplikasyon w lan sou lyen sa a.

Konfimasyon — Yon fwa aplikasyon w lan apwouve, w ap resevwa yon notifikasyon konfimasyon nan tèks oswa imèl.

Debousman avantaj — Aplikan ki apwouve yo pral resevwa peman $500 chak mwa pandan 18 mwa.

Sipò kontinyèl — Si w bezwen èd oswa si w pa resevwa peman, tanpri kontakte ekip nou an nan: +13127577267 oswa support@riseupcambridge.aidkit.org.

Èske mwen ka ranpli yon aplikasyon pou yon lòt moun?

Wi, si aplikan an otorize w fè sa.

Mwen te ede yon moun aplike, ki jan mwen ka verifye estati li?

Yon fwa aplikan an soumèt aplikasyon li an, li pral resevwa yon tèks oswa yon imèl konfimasyon nan telefòn oswa adrès imel li mete nan aplikasyon an ak yon lyen pou swiv estati aplikasyon li an.

What documents do I need to provide?

In the application, you need to prove:

  1. your identity; (2)
  2. that you live in Cambridge;
  3. that your household income is at or below 250% of the federal poverty level;
  4. that you have at least one child at or under 21 years old living in your household.

To prove your identity, you will need to provide a selfie and a photo ID. A selfie is a clear photo of your face. A photo ID can be any of the following:

  • Driver’s license
  • State ID
  • US Passport
  • Non-United States Passport
  • Military ID
  • Green Card
  • Certification of naturalization (form N-550 or N-570)
  • Certificate of citizenship (form N-560 or N-561)
  • Permanent resident card (1-551)
  • Native American tribal photo ID
  • Consular ID Card
  • (Foreign) Voter ID Card
  • US Employment Authorization
  • Learner’s Permit
  • Temporary Visitor Driver’s License
  • Other government issued photo ID

To prove that you live in Cambridge, you can provide any of the following documents:

  • Current (valid/non-expired) government issued photo ID with home address
  • Utility bill, landline phone bill, internet bill, or cable bill in the applicant’s name within the last 90 days with service address.
  • Mortgage or lease documents with home address, indicating current residency.
  • House deed with full address and individual’s name.
  • Certified school record for the current year verifying children’s enrollment and home address.

If you do not have access to any of those documents, you can provide one of the following:

  • Tax return or receipt with home address from tax year 2022 (Form 1040, Schedule C, or other filed tax form)
  • Government benefits document/confirmation letter dated after September 2022 (e.g. benefits confirmation letter for the Supplemental Nutrition Assistance Program (“SNAP”))
  • Property tax bill with home address, indicating current residency
  • Letter from an official third-party business/commercial enterprise with home address, delivered by the U.S. Post Office within the last 90 days.

 
To prove your household is at or below 250% of the federal poverty line, you can provide any of the following documents:

  • Enrollment or eligibility confirmation letter from any of the following programs:
    • Supplemental Nutrition Assistance Program (“SNAP”) – dated September 2022 or later.
    • Temporary Assistance for Needy Families (“TANF”) – dated September 2022 or later.
    • Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants, and Children (“WIC”) – dated September 2022 or later.
  • A paystub along with an attestation/certification that the submitted paystub is reflective of the applicant’s typical income.

If you do not have access to any of those documents, you can provide one of the following:

  • Wage documents from 2022 for all adults over 21 years old in the household that earn income:
    • W2 or 1099s
    • Unemployment award letter (last 12 months)
  • Tax return or receipt with home address from tax year 2022 (Form 1040, Schedule C, or other filed tax form). 

To prove you have at least one child at or under 21 years old living in your household, you can provide any of the following documents:

  • Certified school record for the current year that include the child’s name, DOB, name of parent/guardian, home address.
  • Medical or health records that includes the child’s name, DOB, name of parent/guardian, home address.
  • Tax transcript from Internal Revenue Service (IRS) listing the names of the dependents in the household.
  • Birth certificate for one child in your household (if available) AND an attestation from CEOC staff that the child lives with that parent/guardian at least half of the year.
  • Court documentation that includes the child’s name, DOB, name of parent/guardian, and home address, including but not limited to probate and family court documents

Kesyon sou Peman yo

Si yo aksepte aplikasyon mwen an, konbyen lajan m ap resevwa e pou konbyen tan?

Si yo chwazi w, w ap resevwa $500/mwa pou jiska 18 mwa. Sa a se yon total jiska $9,000.

Èske mwen oblije rapòte lajan sa a kòm revni sou taks mwen yo?

Non, ou pa bezwen rapòte lajan sa a kòm revni ki dwe peye taks. Lajan sa a konte kòm "sekou kalifye pou katastwòf." Gade konsèy IRS yo isit la.

Pou ki bagay mwen ka itilize lajan sa a? Pou ki bagay mwen pa ka itilize lajan sa a?

Rise Up Cambridge pral ede fanmi yo pwospere epi retabli apre pandemi COVID-19 la. Ou ka itilize lajan an pou nenpòt depans nan fwaye a, tankou manje, lwaye, rad, oswa sèvis piblik yo.

Ou pa kapab itilize lajan an pou aktivite sa yo:

  • Pou achte oswa sipòte nenpòt bagay k ap deranje trankilite ak sekirite benefisyè pwojè yo ak/oswa lòt manm kominote a.
  • Pou fwod oswa koripsyon
  • Pou fè pwomosyon kèlkeswa aktivite kriminèl

Èske mwen oblije rapòte fason mwen depanse lajan sa a?

Non, ou pa oblije rapòte fason ou depanse lajan sa a.

Ki lè m ap resevwa peman yo?

Peman yo pral debouse premye nan chak mwa. Si premye nan mwa a se nan yon wikenn, peman an pral debouse nan Vandredi anvan an. Si w chwazi depo dirèk, bank ou an ka pran 1-2 jou ouvrab pou depoze lajan an sou kont ou. Dat premye peman w lan ap endike nan notifikasyon konfimasyon w lan lè yo apwouve aplikasyon w lan.

Kesyon sou Post Enskripsyon

Ki sa k ap pase si mwen demenaje oswa sitiyasyon lojman mwen an chanje?

Si w demenaje nan Vil Cambridge, ou ta dwe rapòte sa bay CEOC nan support@riseupcambridge.aidkit.org oswa 617-812-5124. Sa p ap afekte elijibilite w. W ap kontinye resevwa asistans lajan kach.

Si w demenaje deyò Vil Cambridge, ou ta dwe rapòte sa bay CEOC nan support@riseupcambridge.aidkit.org oswa 617-812-5124. Ou pap elijib ankò pou resevwa asistans lajan kach.

Kisa k ap pase si revni mwen chanje?

Si revni ou chanje apre ou fin antre nan pwogram nan, ou pa bezwen avèti pèsonn. W ap kontinye resevwa èd lajan kach. Elijibilite pou revni konfime nan lè w aplike.

Ki sa k ap pase si konpozisyon fwaye mwen an chanje?

Si konpozisyon fwaye ou a chanje apre ou rantre nan pwogram nan, ou pa bezwen rapòte sa. W ap kontinye resevwa èd lajan kach. Elijibilite fwaye konfime nan lè w aplike.

Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here