U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Temporary Fire Station
Lojistik ki Dèyè Gwo Modènizasyon nan Katye Jeneral Ponpye Cambridge
Pandan modènizasyon Katye Jeneral Depatman Ponpye a, ke yo espere ap fini an 2026, ponpye yo ap demenaje nan Santral 10, yon etablisman ponpye tanporè ki twouve li nan 15 Hovey Avenue (pa lòtbò Spaulding Hospital), alòske anplwaye administrasyon yo pral demenaje nan 23 Bay Street.  
Image of City Manager, Yi-An Huang
Mesaj Manadjè Vil la
Pandan ane ki sot pase a plis, mwen te travay di pou balanse anpil vwa nan divès kominote nou an, jwenn konsansis nan Konsèy Vil la epi suiv direksyon yo, epi pote eksperyans pwofesyonèl ak ekspètiz lidè ak anplwaye Depatman Vil la.
Early Childhood Educators
Inisyativ pou Sipò ak Enspirasyon Edikatè Prekòs
Pandan mwa desanm sa a, aplikasyon pral ouvri pou Cambridge Preschool Program (CPP), yon inisyativ patenarya ant Vil Cambridge ak Cambridge Public Schools, ki pral ofri jou lekòl gratis, ane lekòl preskolè pou tout timoun ki genyen 4 an nan Cambridge ak kèlke ki genyen 3 an.
Giant Deer in Inman Square from the front
Gen yon Sèf Jeyan ki Ateri nan Inman Square
Sèf Jeyan ki nan Inman Square la peze 3,500 liv, 12 pye woté ke yo kreye ak plase pou sèvi repè nan plas prensipal ke yo rekonstwi ak amelyore a.
Participatory Budgeting delegates discussing in the chambers
Participatory Budgeting nan Cambridge Genyen 10 An
Participatory Budgeting, ki se yon pwosesis demokratik pou rann manm kominote yo otonòm gras ak angajman sivik pou deside nan ki fason pati nan bidjè piblik la ap sèvi, genyen 10 an otòn sa a.
Picture of the 911 Call Center Clinician
Nouvo Wòl la Entegre yon Pwofesyonèl Sante Mantal ak Dispatchè yo
An 2023, Vil Cambridge te kreye yon nouvo pòs nan Emergency Communications Department lan; yon Klinisyen nan Sant Apèl 911 an. Sa a se yon pòs sante piblik inik puiske li plase pwofesyonèl sante mantal yo dirèkteman andedan Ermergency Communications Center (ECC) a ansanm ak dispatchè yo.
Rise Up Cambridge Logo
Rise Up Cambridge Pote Soulajman pou Fanmi yo
Gras ak Rise Up, Cambridge tounen premye vil nan nasyon an ki te entwodui yon pwogram ki pa lotri ki bay asistans lajan kach dirèk pou fanmi ki kalifye yo. Finalman, Vil la konsantre sou ede fanmi ki gen timoun reponn ak bezwen premye nesesite yo.
Fuel Assistance Flyer
Anplwaye yo Ofri Èd ak Depans Chofaj Ivè
Chak ane, Fuel Assistance Program an ede plis pase 1,200 rezidan nan Cambridge ak Sommerville peye fakti chofaj ivè yo ant 1ye novanm ak 30 avril. Pifò rezidan pa janm panse ak fakti chofaj jiskaske tanperati yo desann, men pou anplwaye k ap ede jere sèvis enpòtan sa yo, planifikasyon pou Fuel Assistance kòmanse pandan chalè ete a.
Participants planting a tree
Ogmante Forè Iben an nan fason Kreyatif
An 2019, Vil Cambridge te reyalize Urban Forestry Master Plan, li a. Depi lè a, vil la te kreye yon lòt imaj epi te poze anpil aksyon pou kenbe Urban Forestry Master Plan nan gras ak pwogram tankou Forest Friends ak Water by Bike.
GIS at Esri User Conference
Ekip GIS Cambridge la Pran Podyòm Mondyal la
Ekip GIS Cambridge la te prezante tèt li tankou yon lidè entènasyonal nan teknoloji Sistèm Enfòmasyon Jeyografik. Yo te vizyalize Vil Cambridge ak plizyè kat wèb entèraktif ki te pèmèt vil la metrize byen bezwen kominote a, rezilyans chanjman klimatik, ak plis toujou
Summer Food Program Staff Picture
An Koulis nan Free Food ak Summer Fun
Annual Summer Food Program ofri manje maten, manje midi, ak soupe pou rezidan Cambridge ki gen 18 lane ak mwens. Dèyè yon ete manje gratis ak amizman genyen yon misyon enpòtan anpil pou abòde ensekirite alimantè nan Cambridge. Ak yon pakèt lojistik.
Opioid Overdose Prevention Class
Fòmasyon Diminye Enpak Ovèdoz Opioid
Pou ede rann kominote nou an pi an sekirite, Cambridge Public Health Department (CPHD) ofri fòmasyon ovèdoz gratis an patenarya ak Sommerville Health and Human Services.
Block Party - kids playing on the street
Inisyativ Fèt Katye Selebrasyon Twa Katye
Kijan w bati kominote, ranfòse koneksyon pami vwazen, ak fè demonstrasyon kreyativite pou favorize yon Cambridge—pi amizan—ak pi ekilibre? Fèt katye.
Dance Party 2023
Dance Party Retounen Avèk Youn nan Pi Gwo Rasanbleman Li an
Dance Party Anyèl Vil Cambridge finalman retounen. Apre twa ane anilasyon akoz COVID-19, Dance Party 2023 te genyen youn nan pi gwo rasanbleman ke yo te janm wè, ak yon espas evènman pi gwo, limyè plizyè koulè ak mizik.
Animal Control Officers hold one of their favorite reptiles
Ajan Kontwòl Bèt ak Volontè Ofri Swen Espesyal pou Lavi Sovaj nou An
Aprann kijan Ajan Kontwòl Zannimo pran gwo mezi pou asire ke zannimo malad oswa blese resevwa meyè swen ak sipò.
Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here